Anba tèm « An n respekte dwa tout Moun pou n fini ak SIDA », Direksyon Sanitè Sant ki jwenn sipò « Institut PANOS » òganize, jodi dimanch 1e desanm 2024 la nan Wisba Hôtel Hinche, yon konferans-deba sou komemorasyon jounen mondyal SIDA, nan objektif pou sansiblize tout sitwayen, sitou jèn yo sou maladi SIDA.
Yon sal byen aranje, an prezans plizyè kouch sosyal, yon panèl konpetan ak divès lòt responsab sanitè, se nan yon kilma parèy Direction Sanitaire du Centre ki ap travay sou lidèchip Doktè Ricot Félix, te òganize yon konkenchenn aktivite konferans deba nan vil Ench, pou komemore jounen mondyal Sida sou tèm : An n respekte dwa tout moun poun fini ak SIDA.
Dr Ricot Félix ak Dr DR. Eunide JOSEPH te pran lapawòl pou eksplike ide aktivite sila ak patisipasyon yo ladan li.
Dr. Ricot / Dr. Eunide, dimanch 1e desanm 2024
Pami enstans ki te prezan nan aktivite a ki jwen sipò Institut Panos, nou te remake « Organisation Cosmopolite du siècle, Université Jean Price Mars, Institution les Roses Nouvelles », ki te patisipe aktivman nan 3 diferan sijè ki te rive trete: VIH, prise en charge. La stigmatisation et discrimination sur la VIH. Le respect du droit des personnes infectées à la VIH.
3 konferansye yo ki chita ansanm
Chargée de programmes TBVIH ak DIRECTION SANITAIRE DU CENTRE lan, miss Mirlene Flerriol, te rezime gran jounen 1e desanm sa a nan divès mo.
Kòm patisipan, Obèd DORANCY ki se koòdonatè Organisation Cosmopolite du siècle (OCOSI), pa t kache kontantman l pou reyalizasyon si bèl aktivite sila.
Foto yon patisipan ki t ap echanje ak konferansye yo
Depi 1988, OMS ki se « Òganizasyon Mondyal la Sante » konsakre jou 1e desanm kòm jounen mondyal pou fè sansibilizasyon sou maladi SIDA a ki pa sispann fè ravaj nan tout peyi sou la tè, yo fè sansibilizasyon pou kwape maladi SIDA a, pandan yo mande bon jan patisipasyon tout moun.
Finalman, konferans-deba sila te moutre nou dwe mete fòs nou ak vwa nou ansanm pou n di aba SIDA, ki dwe fini nèt nan lane 2030.
Joseph Samuel GUILLAUME, Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.