« Nou okouran ensidan an ki te rive toupre lokal Overseas Engineering & Construction Corp (OECC) nan komin Taba. N ap kontwole ak anpil atansyon sitiyasyon sekirite nan vwazinaj anbasad Amerikèn nan pou sekirite pèsonèl Ayisyen ak ameriken, e nou avèti PNH ak FAD’H sou ensidan an.
Anbasad peyi Etazini an pa t mande pou yo lage okenn moun, epi nou pa t mete okenn moun nan detansyon. PNH te mete 2 moun nan prizon epi retire yo nan zòn nan. » Mesaj anbasad amerikèn ann Ayiti pibliye sou kont ofisyèl li dimanch 8 desanm 2024 la.
Vandredi 6 desanm pase a, divès jounalis Ayisyen te denonse Anbasad amerikèn jounalis yo di ki te ale pran 2 prezime bandi nan men sòlda FAD’H yo, 2 prezime bandi sòlda yo te arete epi fizye plizyè lòt nan komin Taba, pandan yo t ap tante penetre nan baz lame a ki nan espas la.
Nan yon nòt pou laprès responsab FAD’H yo mete deyò ayè samdi 7 desanm nan, yo fè konnen « kontrèman ak sa jounalis yo te di a, pa t janm gen okenn sòlda anbasad amerikèn ki te vin mande yo moun yo te arete. » Yon deklarasyon anpil moun kwè fòs lame a pa t oblije fè, puiske Ayiti se yon peyi souveren, li pa mare nan tab okenn lòt peyi, li te mèt rele Etazini.
N ap raple, 24 oktòb 2024, anbasadè ameriken alò a ann Ayiti, Dennis Hankins, di nan televizyon Métropole e nou ap site « Detanzantan, nou konn toujou kontakte gang. Nou toujou pale gang yo pou sekirite anbasad la ».
Sitwayen yo ann Ayiti kou aletranje kwè enjerans amerikèn nan rive twò lwen nan peyi a. Se pou sa yo mande ak pitit otantik Ayiti yo, elit yo, pou yo mete de kote enterè mesken ak ego yo, yon mannyè pou yo finalman pran desten peyi a an men, e retire pèp Ayisyen an nan soufrans chak jou l ap viv yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE