Reprezantan Defansè plis la,Antonal Mortimé, entèvni nan yon mesaj , lanse yon mobilizasyon sitwayen ansanm ak òganizasyon dwa moun yo kont abi konsèy prezidansyèl la ki jiskaprezan pa janm pibliye non reprezantan dwa moun yo nan konsèy elektoral pwovizwa a ki nome depi 19 septanm 2024.

Reprezantan dwa moun lan fè yon leve boukliye pou di non ak move pratik ak elevasyon kòripsyon ki gen konsèy prezidansyèl sila.

Mesye Mortime ajoute poul di li kwè konsèy sila pa gen lejitimite pou mennen tranzisyon an an. Divès derive ki pase pandan anviwònman 7 dènye mwa sa yo se prèv ki montre ke konsèy la pa ni kapab ni vle mennen tranzisyon an.
Defansè dwa moun lan montre li doute de volonte manm konsey la pa genyen pou remèt pouvwa a nan dat 7 fevriye 2026.

Nan sans saa Reprezantan òganizasyon Zanmi timoun lan di, li enpòtan pou yo jwenn yon nouvo akò politik pou retounen nan Kou Kasasyon an pou jwenn yon jij ki te nome regilyèman pou mennen tranzisyon saa. Puiske li kwè 2 eleksyon ki te fèt pi kredib nan péyi a te fèt sou gouvènans jij nan kou kasasyon an. Li pran egzanp eleksyon 1990 yo, kote Jij Ertha Pascal Trouillo te vin prezidan ak keksyon 2006 yo ki te bay Jij Boniface Alexandre prezidan.

Pousa defansè dwa moun lan di li enpòtan pou itilize jiris pridans sila pou retounen chèche yon jij nan Kasasyon an ak yon gouvènman pliryèl e ki gen kapasite pou akonpaye la polis pou konbat vyolans ak ensekirite andedan péyi a pou lavi ka reprann nan Pòtoprens ak lòt zòn nan péyi a yon fason pou kondisyon nòmal ka Kreye pou pèp ayisyen an ka ale patisipe nan eleksyon Jan sa di nan konstitisyon peyi a menm Jan sa di tou nan pak entènasyonal ki gen rapò ak dwa sivil ak politik ke Nasyonzini adopte depi 1966 ke Ayiti siyen e ratifye depi 1991.

Pou Mesye MORTIME, se ap yon bon bagay pou yo bouste pou tranzisyon an rive fèt pi byen puiske sa fè deja 9 lane depi péyi a konnen eleksyon. Yon peyi souveren ki demokratik paka pase tout tan sa yo san eleksyon.

Anplis de konsèy elektoral la ki manke moso,
Konsèy prezidansyèl la tou pap byen mache,puiske gen 3 konseye ki enplike nan eskandal 1000milyon goud BNC. San bliye tout 9 konseye yo ki enplike nan detounen fon piblik ki daprè youn nan konseye yo ki fè ave piblik ke yo retounen 25 milyon goud ki destine a sèvis entèlijans nan peyi a chak mwa an favè 9 konseye sa yo.

Nan sans sza mesye MORTIME di li enpòtan pou tout konseye sa yo demisyone oubyen popilasyon an dwe mobilize pou mande demisyon yo epi chwazi yon jij nan kou kasasyon an ki kapab reve òganize eleksyon nan pi bon dèle.

Florince Fragile, Centre la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841