Nan yon kominike li pibliye ayè lendi a, Òganizasyon dwa moun nan eksplike kriz an Ayiti a rive nan yon nivo « katastwofik ».

Human Rights Watch ajoute, gwoup gang yo ogmante atak yo sou popilasyon an.

Dènye atak gang yo nan Pòtoprens fèt sou Waf Jeremi kote chèf gang Micanò ak gwoup li asasinen plis pase 180 moun selon yon rapò Nasyonzini.

Yon nouvo masak apre sa ki te pase Ponsonde a kote gang Gran Grif ki gen nan tèt li Luckson Élan te touye plis pase yon santèn kretyen vivan.

Pou kontrekare gang yo ki kontwole plis pase 80% nan Pòtoprens, Human Rights Watch, ankouraje Nasyonzini depwaye yon misyon prese prese an Ayiti.

« Yon nouvo misyon Nasyonzini ki respekte dwa ka ofri ak pèp ayisyen an yon opòtinite pou rekonstwi vi yo ak espwa e diyite ». Deklarasyon Human Rights Watch.

sous: VOA-kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841