Ayiti ap selebre 76zyèm anivèsè deklarasyon inivèsèl dwa moun ak sitwayen nan yon enpas difisil. Kolektif defansè plis nan yon nòt pou laprès li mete deyò jounnen Madi 10 Desanm 2024 la fè konnen depi plizyè lane yo konstate deteryorasyon dwa moun an Ayiti. daprè kolektif la, popilasyon ayisyèn nan sibi vyolasyon dwa fondamantal yo. Se chak jou enstabilite politik, ensekirite jeneralize gen retonbe sou Ayisyen yo douvan je otorite defakto yo ki enterese sèlman ak sa ki nan avantaj yo.
Malgre konstitisyon Ayisyèn ansanm ak lòt enstriman fondamantal yo bay garanti sou dwa lavi lasante, ledikasyon men reyalite yo parèt kontrè ann Ayiti.
Daprè wo komisarya Nasyonzini pou dwa moun gen plis pase 5000 moun ki mouri nan ane 2024 la.
Pami dram ki pase yo , masak 3 oktòb ki fèt pon sonde, kote gen plis pase yon santèn moun mouri anba bal asasen. San bliye anviwon 200 moun chèf gang Micanord touye ant 6 ak 7 desanm nan site Solèy anba je Otorite defakto ki nan tranzisyon an.
Yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ki gen dwèt yo tranpe nan detounman fon piblik ak kòripsyon paka kondui tranzisyon an.
Fas ak tablo sonb sa a , kolektif defansè plis eksprime tout enkyetid fas ak Kriz sanitè a ki ka anpire. Nan ka sa a , defansè plis fè rekòmandasyon sa yo:
- Pwofite sipò fòs miltinaayonal la pou ede lapolis Nasyonal d’Ayiti deloje Gang yo.
- Ranfòse kapasite sistèm jidisyè nan nivo kominote yo.
- Mete sou pye yon politik edikatif adapte yon fason pou pemèt timoun ak jèn gen aksè edikasyon ak fòmasyon.
- Asire fanmi deplase yo sou plan imanitè nan domèn lojman .
- Kreye kondisyon pou pèmèt ki deja egziste yo kapab fonksyone kòmsadwa.
- Jwenn yon akò politik serye pou mennen tranzisyon an nan yon retou lòd konstitisyonèl.