Aktyèl Direktè Biwo Federal Envestigasyon an (FBI), Christopher Wray, anonse mèkredi 11 desanm 2024 la li ap remèt demisyon li nan tèt enstitisyon an nan fen manda prezidan Biden nan 20 janvye 2025 k ap vini la a. Yon anons prezidan eli Ameriken an, Donald Trump, konsidere kòm yon delivrans pou Etazini menm jounen mèkredi a.
Sou kont X (Twitter) li, mèkredi 11 desanm nan, 47èm prezidan eli Ameriken an Donald Trump, di demisyon Christopher Wray la se yon gwo jou pou Amerik, paske li pral mete fen nan fòm militarizasyon sa yo konnen kounye a kòm Depatman Lajistis Etazini.
« Mwen jis pa konnen sa ki te rive l. Kounye a nou pral retabli règ lalwa pou tout Ameriken. Anba lidèchip Christopher Wray, FBI te fouye kay mwen ilegalman, san pyès rezon, li te travay avèk dilijans pou pa defann mwen ak akize m, e li te fè tout sa l kapab pou entèfere ak siksè ak avni Amerik la.
![](https://www.centrealaune.com/wp-content/uploads/2024/11/trump-veut-asseoir-la-domination-des-etats-unis-dans-l-espace.jpg)
Donald Trump an 2024
Yo itilize gwo pouvwa yo pou menase ak detwi anpil Ameriken inosan, kèk nan yo p ap janm refè sa yo te fè yo.
Kash Patel se kandida ki pi kalifye pou dirije FBI nan istwa Ajans lan, e li pran angajman pou l ede asire lalwa, lòd ak jistis retounen nan peyi nou an pa twò lontan.
Kòm tout moun konnen, mwen gen anpil respè pou manm FBI yo, epi yo gen anpil respè pou mwen. Yo vle wè chanjman sa yo menm jan mwen fè sa, men sa ki pi enpòtan, pèp Ameriken an mande yon sistèm jistis solid men jis.
Nou vle FBI nou an tounen, epi sa pral rive kounye a. M ap tann konfimasyon Kash Patel avèk enpasyans, pou pwosesis pou fè FBI vin gwo ankò ka kòmanse. MÈSI ! » Se sa Donald Trump di.
Jan li toujou anonse sa atravè sistèm nan li di li pral chanje, èske efektivman Donald Trump pral « MAKE AMERICA GREAT AGAIN? »
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE