Nan lannwit madi 10 pou rive mèkredi 11 novanm 2024 la, gang Gran grif k ap opere nan Savyen fè yon atak sou popilasyon an nan vil Ti Rivyè Latibonit.

Daprè sa plizyè medya nan depatman an rapòte gen pou piti 15 moun ki rive pèdi lavi yo, pami yo 2 tifi ak 2 ti gason. Genyen tou 10 kay ak 3 machin ki boule. Bandi yo kidnape tou plizyè dizèn moun.

Enfòmasyon sa yo rete pasyèl daprè sa ki di nan laprès paske tout mèkredi maten bandi yo ki te sou moto te kontinye ap simen latwoublay ak gwo zam manch long. Yo rapòte tou gen nan moun yo te kidnape yo, yo touye nan wout epi gen kadav yo dekouvri nan kèk kay.

Nouvèl atak sa a rive 3 jou aprè lapolis t anonse yo repran komisarya a Ti Rivyè Latibonit lan.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841