Konsèy prezidansyèl Leslie Voletaire ap kwòdone a ak gouvènman Alix Didier fils-Aimé a pran desizyon pou pote Chanjman nan diplomasi Ayisyèn nan ak reprezantan diplomatik nan òganism entènasyonal yo. Selon enfo jounal la jwenn nan menm plizyè sous li genyen nan gouvèneman an genyen 15 nominasyon ki fèt.Desizyon sa yo pran nan konsèy minis ki dewoule mèkredi 11 desanm 2024 la nan Vila dakèy.
1- Lionel Delatour: Etazini 2-Anthony Dessources: Kanada
3- Leslie David : Kolonbi 4-Hubert Labbé: Meksik
5- Olga Medor Ducasse: Ajantin
6- Hervé Saint-Louis: Chili, Harold Joseph: Japon
7- Louino Volcy: Lafrans
8- Gandy Thomas: Itali
9- Jean Mary Vaval: Venezela,
10- Evens Souffrant: Sensyèj Vatican.
Moun sa yo nome kòm anbasadè nan òganism entènasyonal yo:
11- Lilas Desquiron nome reprezantan Ayiti nan UNESCO
12- Pierre Ericq Pierre: ONU 13-Alrich Nicolas: Inyon Ewopeyèn
14- Myrtha Désulmé: OEA 15- Madsen Chérubin: OMC
Majorite moun sa yo ki nome a nan tranch laj 68 a 79 lane.
Desizyon sa yo pran nan konsèy minis ki dewoule mèkredi 11 desanm 2024 la.
N ap note selon sa divès sous rapòte gouvènman an ak konsèy prezidansyèl la ki konsyan yo fè nominasyon sila yo dèyè di lalwa poko vle soti arete ki nome anbasadè sa yo nan jounal ofisyèl peyi a Monitè. Yo atann yo pou yo achemine non moun sa yo nan peyi yo pral reprezante Ayiti yo ak lòt enstisyon yo entènasyonal yo pou agreye yo.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !