MSPP òganize yon seyans fòmasyon ki vize ranfòse kapasite sitwayen yo kont maladi malarya ann AYITI, nan kad Pwogram Nasyonal Kontwòl Malarya a PNCM. Seyans sa a ki fèt nan depatman Nò peyi AYITI, vil Okap, ant mèkredi 11 e jedi 12 desanm 2024 la, reyini yon echantiyon jounalis nan tout Gran Nò a (Sant, Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit) ak divès responsab Direksyon Sanitè.

Doktè Marc-Aurelle TELFORT ki se responsab Pwogram Nasyonal Kont Malarya PNCM, te pran lapawòl nan fòmasyon an pou di maladi malarya a kapab touye moun, men tou li ka geri fasil. Transmisyon malarya a fèt apati yon fwaye rezèvwa ki se moun ki malad la.

Malarya se yon maladi ki trete gratis. Nenpòt moun ki teste pozitif kapab ale nan sant sante ki pi pre li a, yon fason pou ajan sante yo ba li swen ka li merite.

Gladimy Ibraïme ki se konseye pèmanan Rezo Ayisyen Jounalis Sante yo (RHJS) ak Ginette Appolon Cherie ki se responsab kominikasyon pou PNCM, te pale sou devwa medya yo genyen pou chache, trete epi divilge enfòmasyon sou maladi malarya a. Sansibilizasyon ak divilgasyon sa yo ka fèt nan flach enfo sou radyo, difizyon espòt, pale de sit kote yo trete malarya, afiche postè ki bay enfòmasyon, pale ak lidè relijye yo, elatriye.

Toujou selon mesye Ibraïme, yon jounalis se yon sitwayen, li se manm kominote a avan tout bagay. Li dwe veye sou tout domèn, men sitou nan lit kont maladi malarya a. Enfòmasyon l ap pataje yo dwe verifye, trete, avan yo divilge. Bò kote otorite ki plase pou sa, li dwe enfòme de sitiyasyon maladi a nan zòn li ye afekte yo, dokimante, yon fason pou li mye enfòme popilasyon an sou tout evolisyon malarya a.

Mis Djephane JOSEPH, responsab kominikasyon ak sante kominotè depatman Nò, fè konnen 2 nan medikaman ki geri maladi malarya a se KLOWOKIN 150mg ak primakin ki administre yon sèl fwa. Klowokin nan pou fanm ansent, ni timoun mwenke 6 mwa ak moun ki gen anemi grav.

Mis la kontinye pou di depi yon moun genyen lafyèv, li konseye pou li ale lopital osnon nan sant sante pou fè yon TDR (Tès Dyagnostik Rapid) oubyen yon tès Mikwoskopi, pou gade èske li pa gen malarya. Sa konsène tout fyèv ki ale ant 24 a 48 h.

Responsab suivi evalyasyon depatmantal Nò a, Nadège ROCK, te prezante yon estatistik sou kontwòl maladi malarya a nan 7 awondisman, 19 komin ak 83 seksyon kominal ki nan depatman Nò yo pou lane 2023-2024 la.

Malarya se yon maladi ki ka touye moun, men li kapab geri gras ak primatin.

Selon done ki disponib nan MSPP, ka maladi malarya yo kontinye ogmante nan divès depatman nan peyi a dènye jou sa yo. Konsyan de sitiyasyon an, responsab yo nan MSPP di yo bay tèt yo misyon pou detui malarya nèt ann Ayiti apati 2025.

Sérondier LOUISIA, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841