Sesyon an ki te dwe dewoule nan lakou dapèl pako rive fèt akoz Majistra Denise Papillon te deside retire tèt li pou rezon pèsonèl.

Anplis de sa, 17 kolonbyen yo, ki pa pale kreyòl pat gen okenn entèprèt ki pou tradui pou yo. Sa ki pouse responsab yo voye pou yon lòt dat odyans lan.

Mèt Thermitus Joseph k ap defann Kolonbyen yo mande pou gen yon pwosè ekitap ki respekte dwa entènasyonal yo.

Avoka Natalie bò kote pa l pat met dlo nan bouch li pou l kritike ministè Lajistis ki pat mete okenn entèprèt pou kliyan l yo.

N ap souliye, Odyans sa te konène tou Ayisyen Felix Badio, ki ta gen men m tranpe nan asasinay prezidan Jovenel Moise la.

Avoka Felix Badio a, pwofite de okazyon sa pou kritike kondisyon detansyon kliyan l lan ki soufri de Dyabèt ak lòt maladi.

N ap fè sonje, Jovenel Moise, 58èm prezidan mouri krabinen ak bal nan dat ki te 7 jiyè 2021 an. 17 kolonbyen yo, Felix Badio se kèk non ki site nan zak asasinay sila.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841