Pou ane 2024 la, pou pi piti 30 chofè machin nan sektè transpò piblik la mouri akoz vag vyolans yo an Ayiti.

Daprè yon bilan Asosiyasyon Pwopriyetè Chofè an Ayiti (APCH), soti premye janvye pou rive 20 desanm 2024, 30 chofè nan sektè piblik la pèdi lavi yo akoz vyolans yo nan peyi a.

APCH souliye, pami viktim yo, gen 3 chofè yo boule tou vivan pou ane 2024 la. Pi lwen, asosiyasyon an fè konnen yo anrejistre 9 ka kidnapping nan sektè transpò piblik la, plis Gen 4 chofè ki blese ak katouch.
Pou sa ki gen pou wè ak pasaje ki viktim, APCH rapòte vag vyolans yo pote ale 22 pasaje, 46 lòt blese ak katouch.

Nan entèvansyon l sou antèn Magik9 (100.9) madi 24 desanm 2024 la, Changeux Méhu, prezidan « Association des Propriétaires et Chauffeurs d’Haïti (APCH) » te fè konnen soti 1e janvye pou rive 20 desanm 2024, yo asasinen 30 chofè machin piblik. Pami 30 chofè sa yo, genyen 3 yo boule tou vivan.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....