Prezidan KPT a, Leslie Voltaire, akonpaye Edgard Leblanc ak manm gouvènman an, resevwa prezidan Kolonbyen an Petro gustavo nan vil Jakmèl mèkredi 22 janvye 2025 la pou yon vizit ofisyèl; kote yo echanj yo te baze sou Agrikilti, Edikasyon, Komès, Kilti, Klima… pandan yo tou profite siyen akò sou devlopman sektè sa yo.
Petro te profite mande pèp Ayisien padon akoz mesenè kolonbyen te rantre Ayiti epi patisipe nan asasine prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021 kòm chèf Leta.
Li evite Pòtoprens, kapital peyi a, kote ayeropò entènasyonal la toujou fèmen. Sa vinn kreye yon vid trafik ayeryen komèsyal depi gang yo te louvri zam sou plizyè avyon nan mwa Novanm nan.
Petro se youn pami kèk chèf deta sèlman ki vizite Ayiti nan moman zak vyolans gang yo ap fè ravaj.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE