Administrasyon Trump la ankouraje anplwaye Ajans Entènasyonal pou Devlopman an, USAID, pou yo rejwenn jefò pou transfòme fason Washington debouse asistans nan mond lan ak politik « Amerik an Premye » Trump la.

Administrasyon an menase pou pran « mezi disiplinè » kont nempòt ki moun ki pa okipe lòd yo pase.

Yon memo chaje ak pawòl piman bouk ke yo voye Samdi bay plis pase 10,000 anplwaye USAID ofri plis konsey pa rapò ak direktiv « kanpe travay » ki efektivman bloke tout asistans etranje Etazini toupatou nan mond lan. Memo a ke Reuters revize detaye sa otorite yo atann de anplwaye yo epi kijan pou yo atenn objektif Trump yo.

Ken Jackson, administratè adjwen pou manadjment ak resous ekri nan yon memo li voye bay anplwaye yo ke: « nou gen responsabilite pou n apiye Prezidan an epi ede l atenn vizyon li (pou peyi a).

USAID ak Konsèy Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la poko reyaji sou nouvèl la.

Memo a choke gwoup imanitè ak kominote kap travay sou asistans devlopman toupatou nan mond lan. Tandiske direktiv la sanble afekte yon pakèt peyi, gen ensètitid pa rapò ak kijan yo pral mete l an aplikasyon.

Prezidan KPT a Leslie Voltaire ki reyaji sou dosye saa fè konnen desizyon pou ta kanpe èd imanitè Etazini sou Ayiti ap trè katastwofik pou akoz 11.4 milyon moun nan peyi a ki ap soufri grangou

Sous : VOA-KREYÒL

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841