Aprè yon 1ye repò 8 jou finalman odyans piblik nan lakou dapèl Ench sou asasina jounalis Néhémie JOSEPH la rive dewoule mèkredi 27 Novanm 2024 la nan sal ranpli e menm krake ak moun, kote 7 sou 8 moun ki te enkilpe nan òdònans jij Edwige Dorsainvil la te reponn prezan devan konsèy kou a eksepte Fabiola Cameau. tribinal la te konpoze de jij sa yo: prezidant Marie Mercie Destorel Jean-Baptistie, Sorel Dumornay ak Berge Osurpris, epi konsèy ministè piblik la te konpoze de: ( komisè gouvènman kou dapèl Ench): komisè presipal Fritznel HECTOR akonpaye Pélinos MOMPREMIER, Walner JOSEPH, David JOSEPH ak Prudent ORTELLA.

Néhémie JOSEPH ki te yon jounalis sosyo-politik ki te travay pou radio Panic Mibalè ak radyo Mega Pòtoprens, te rive asasine 10 Oktòb 2019, kote yo te vin dekouvri kadav li zòn pak bayas Mibalè Depatman Sant Ayiti. Manb nan popilasyon an, avoka, jounalis te pran lari pou mande jistis pou jounalis la. Deja dosye a gentan genyen 5 lane nan lajistis ak yon sèl moun ki nan prizon ki se Clairejeune Juste Chandou yo akize ki ta fè krim nan.

Clairejeune Juste Chandou, Urgentz Charles, ansyen Senatè Rony Célestin, Lenel Charles, Ajan enterimè Lauchard LAGUERRE se lis enkilpe sa yo Jij nan kou a te odisyone, yo tout deklare yo pa konnen anyen nan asasina jounalis Néhémie an.

Kanta pou ansyen majistra Elionel Cacéus ki pat janm prezante nan chanm enstruiksyon an jiskaske jij la te mete manda rale mennen vini dèyè li pandan li te nan mawon Prezidant kou a Marie Mercie vonlontèman pat chwazi tande li malgre li te prezan nan sal odyans lan. Anplis jij la pat chwazi tande tou Douyon Rosevald alyas Roro ki se tifrè aktyèl anjan enterimè vil Mibalè a ki enkilpe tou nan kad dosye a. Jounalis te tande kèk moun nan sal la t ap diskite antre yo pou di poukisa prezidant la pa kesyone 2 moun sa yo? Sa bagay saa vle di menm?

Plizyè kabinè avoka ki te ap defann enkilpe yo ki te fè apèl nan dosye a, pou nou site kabinè avoka:
1- Mèt Lérès JEAN BAPTISTE;

2- Mèt Prinston VILGUET;

3- Mèt Brunel FILS-AIMÉ ;

4- Mèt Jamann THÉLÉMAQUE ;

5- Mèt Ernst EXILHOMME ;

6- Mèt Emmanuel EXIL

Yo tout te mande tribinal la pou enfime òdonans lan selon yo menm ki vle fè abi ak kliyan yo.

Yon lòt kote yo te parèt trè kritik anvè prezidant kou a yo di ki pa pran tan ase pou li kapab tande defans avoka yo.

Ministè piblik la kote pa yo mande Jij yo pou yo pran desizyon pou enfime òdonans lan nan yon pati poutèt Jij Edwige Dorsainvil te ekate kèk moun tankou: ansyen Direktè ONA a nan Mibalè mèt Frédéric Océan ak jounalis PDG radyo scoop fm nan Garry Pierre Paul Charles plis Lenel Charles Jij la pat tande poutan li te enkilpe li. Aprè sa Ministè piblik la fè konnen Jij entruiktè a te fè yon bon travay lè li te enkilpe lis moun nou te deja site piwo a. Yo mande pou ajoute nan lis enkilpe yo Garry Pierre Paul Charles ak Océan Frédéric.

Yon kote piblik la te konstate mezantant ki te genyen ant Prezidant kou a Marie Mercie Destorel Jean-Baptistie
ak ministè piblik sitou sitou mèt Hector li te anpeche li poze yon lis kesyon li te genyen pou chak enkilpe. Yon kote ministè piblik la, komisè gouvèneman kou a te menm ranmase zafè li pou li te kite sal odyans lan paske li te di si li pa ka poze enkilpe yo tout kesyon li genyen yo plas li pa la. Se kèk lòt jij ki te pale ak li ki fè li te finalman aksepte rete chita.

Kèk moun ki tap obsève odyans lan di yo pa konprann kòman prezidan kou an fè se 2 ak 3 kesyon sipèfli li poze enkilpe yo epi mande lòt jij yo si yo pa gen kesyon, pandan lòt jij yo plonje nan yon silans simetyè bèkèkè pandan tout odyans lan san poze okenn kesyon ak enkilpe yo. Èske se pè yo pè dosye a ki fè yo fè silans oubyen genyen problèm kopetans ou lòt bagay?

Fanmi jounalis Néhémie malerezman pat prezan nan odyans lan, sitou madanm li Shella SAINT-JEAN, men avoka Néhémie yo te fè yon rekizisyon de mas e malgre sa odyans lan te fèt kanmenm. Jounalis pat remake avoka Néhémie JOSEPH yo nan sal odyans lan.

Prezidan kou an Marie Mercie Destorel Jean-Baptistie te fème odyans lan pandan li te mande pati yo pou fè depo pyès yo akonpaye de yon memwa.

N ap raple nan òdonans jij enstruiksyon Edwige Dorsainvil te rann 8 mas 2024 la li te mande pou, Juste Chandou Clerjeune, Rony Célestin, Elionel Casseus, Angelina Fabiola Cameau, Lochard Laguerre, Rosevald Douyon, Lenel A.C. et Huguens Charles ale jij devan tribinal kriminèl suivan atik 44, 45, 241, 247 kòd penal la selon atik 119 kòd enstruiksyon kriminèl Ayisyen an.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841