Prezidan Meksiken an, Claudia_Sheinbaum, di peyi li ap pran revanj ak menm mezi tarif Trump menase pou l enpoze kont Meksik. Trump pwomèt pou li mete 25% tarif sou machandiz Meksiken, si peyi a pa pran mezi pou anpeche dwòg ak imigran travèse sou fwontyè 2 peyi yo pataje yo.
machandiz Meksiken si peyi a pa pran mezi pou anpeche dwòg ak imigran travèse sou fwontyè 2 peyi yo pataje a.
Sheinbaum di ke li vle angaje nan chita pale sou pwoblèm sa yo, men li di dosye dwòg la se pwoblèm Etazini.
Li deklare « si yo met tarif , nap met youn tou lòt kòm repons, jiskaske nou mete biznis komen nou genyen ant nou yo a risk « . La a prezidan an t ap pale konpayi ki ap fè machin yo ki gen faktori sou tou de bò fwontyè a.