Ayisyen ki vle achte kay Sendomeng dwe jwenn otorizasyon Leta Dominiken
tout Ayisyen ki vle achte kay nan repiblik Dominikèn ap bezwen otorizasyon gouvènman Dominiken an.
Desizyon sa pran suit ak grav eta enstabilite ak zak vyolans nan peyi Dayiti.Yon pwojè lwa deja depoze nan kongrè nasyonal la pou ratifikasyon.
Se Prezidan Fòs Nasyonal Pwogresis la, depite Pelegrín Castillo, ki fè pwopozisyon sa a pandan yon konferans pou Laprès nan chanm depite dominikèn nan. Pwojè lwa sa di, tout sitwayen Ayisyen ki vle achte yon kay, fòk ajans ransèyman ak sekirite leta fè etid sou moun sa a. Aprè, fòk pouvwa egzekitif la bay otorizasyon li. E chak ane, fòk kongrè nasyonal peyi a konnen konbyen demann ki aksepte.
« Toutotan gen enstabilite ak vyolans an Ayiti, sitwayen k ap soti nan peyi sa a dwe mande otorizasyon pouvwa egzekitif la, avan li achte kay sou teritwa Dominiken an », se sa dokiman an di. Avan-pwojè lwa sa a ki pral depoze nan kongrè nasyonal, jwenn sipòte divès lòt depite
Pwojè lwa sa entèdi Ayisyen jere sosyete sekirite prive, gadyen kay osnon fèm, chofè machin transpò ak touris, travay nan ponp gaz, gid touris…
N ap raple nan yon rapò ki te soti nan lane 2023 sou nasyonalite moun ki achte plis kay an Repiblik Dominikèn Ayisyen te klase an 1yè pozisyon nan tèt klasman an.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !