Poutin pra l prezante lide li a bay pwochen prezidan ameriken Donald Trump kote li pra l anonse l, li pra l divize ikrèn an twa (3) pati.
Yo rapòte ke Kremlin pare pou l diskite sou yon lapè,se sa medya Reuters rapòte, kote li site aktyèl e ansyen ofisyèl gouvènman Ris la.

Kòm sa a soti nan yon dokiman sekrè nan Ministè defans Ris la, Kremlin gen entansyon divize Ikrèn an twa pati. Tout pati lès peyi a (Donetsk, Lugansk, Zaporozhye ak Kherson ), plis Crimée, ta dwe retounen nan Larisi. Dezyèm gwo pati nan peyi a (ki gen ladan l rejyon Kyiv, Soumy ak Odessa) yo ta dwe vin yon « antite eta pro-Ris ». Estrikti pouvwa nan zòn sa a pra l gen pèsonèl pro-Ris ak twoup Ris yo ki pral estasyone sou teritwa l yo pou asire kontwòl yo. Sa vle di « Ikrèn pral vin yon eta maryonèt anba kontwole Moskou ».

Rès pati ki pra l rete nan lwès Ikrèn nan, yo pra l rele l « teritwa konteste »pandan pra l gen negosyasyon ant Larisi
ak peyi vwazen yo – Ongri, Polòy ak Woumani. Se sa dokiman an rapòte.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841