« Larisi pral reponn ak eskalad konfli a nan yon fason fèm e simetrik. Elit dirijan peyi yo k ap mete kontenjan militè yo kont Larisi ta dwe reflechi sou sa. » Se sa Prezidan Ris la Vladimir Poutine deklare samdi 23 novanm 2024 la.

« Nan ka yon ogmantasyon aksyon agresif, nou pral reyaji tou nan yon fason fèm e simetrik, mwen rekòmande tout elit ki fè pati peyi ki planifye kontenjan militè yo kont Larisi yo panse sou sa seryezman. »

Nan jou ki sot pase yo, gouvènman Biden nan te otorize Ikrèn sèvi ak misil long pòte pou frape Larisi, sa anpil ekspè nan jewopolitik konsidere kòm yon anons pou yon posib 3èm gè mondyal la.

Yon lòt kote, Ikrèn gen chans reyèl pou l mete fen nan lagè a ane pwochèn, se sa Prezidan Zelensky te di. Li te note tou pwopozisyon Prezidan Ameriken an Donald Trump pou rezoud konfli a pral klè nan mwa janvye.

Konsènan plan Poutine nan, Zelensky te revele Poutine gen pou objektif pou chase fòs Ikrenyen yo nan rejyon Kursk anvan 20 janvye 2025, anvan envestiti Trump la.

Se sa Zelensky te deklare nan twazyèm konferans entènasyonal sou sereyal Ikrèn nan: (conférence internationale sur les céréales d’Ukraine.) « Li te ale pi lwen pou l di li enpòtan anpil pou l pa rete nan kontwole yon sitiyasyon li pa aktyèlman gen kontwòl.

Lagenson LAGUERRE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841