Nan peyi Ikrèn lagè a rive nan yon nouvo etap enpòtan senbolik fas ak nouvo mezi Larisi yo, nan yon imaj konvwa prezidansyèl Volodimi Zelenski, Yon dwòn ris te kaptire l.

Kyèv entèprete Jès sa a, kòm yon pwovokasyon fò Moskou voye.

Yon imaj piblik ki sòti nan Yon sous kremlen, montre klèman kòtèj ofisyèl prezidan Ukrainian an te an mouvman, Malgre Volodimi Zelenski pa t konsidere sa kòm Yon sib, men divilgasyon sa a montre otorite Ris yo gen mwayen nesesè nan men yo pou lokalize yo, si yo ta vle.

Bò kote Ikrenyen yo, zak sa a konsidere kòm yon demonstrasyon fòs ki enkyete yo, e se yon vyolasyon souverènte peyi a. « Sa a se yon pwovokasyon inakseptab, » se sa Zelensky deklare.

Piblikasyon sa a soulve anpil kesyon sou kapasite teknolojik Larisi genyen pou l kontwole sib sansib sou teritwa Ukrainian yo.

Pou analis yo, sa montre gen volonté pou yo voye yon presyon sikolojik sou gouvènman Kyèv la, pandan y ap voye yon mesaj klè bay kominote entènasyonal la.

Pandan konfli a ap vi n pi gran epi tansyon yo kontinye ap ogmante, ensidan sa a montre dimansyon lagè sa a pi konplike, kote teknoloji ak kominikasyon jwe yon wòl santral.

Laguelson Laguerre, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841