Depi plizyè deseni, kriz Ayiti yo toujou ap mare ak faktè ekstèn, sitou entèvansyon pouvwa etranje tankou Etazini, Kanada ak Lafrans. Retorik sa, menm si li gen yon verite nan li, pa dwe sèvi kòm yon pretèks pou kache yon lòt reyalite: enkapasite elit ayisyen yo pou mete tèt yo ansanm pou konstwi yon avni nasyonal san entèvansyon entènasyonal.
Se vre, pouvwa etranje yo souvan fè entèvansyon an Ayiti olye pou yo rezoud pwoblèm yo, konn agrave sitiyasyon an. Men, sèvi ak istwa sa a kòm sèl eksplikasyon pou pwoblèm Ayiti yo fè elit lokal yo evite pran responsablite pou kriz ki kontinye devlope nan peyi a.
Reyalite a sèke solisyon ki dire pou pwoblèm Ayiti yo pa ka soti ni nan Washington, ni nan Ottawa, ni nan Pari. Sèlman Ayisyen yo ka mete tèt yo ansanm pou kreye yon vizyon kolektif, pou bay peyi a yon avni. Malerezman, sa toujou rete yon gwo defi. Divizyon politik, jalouzi pèsonèl, ak mank vizyon komen kontinye kraze tout efò ki fèt pou chanje sitiyasyon an.
Entèvansyon entènasyonal yo souvan se yon konsekans, pa yon kòz prensipal, feblès entèn yo. Depi aktè ayisyen yo pa mete enterè nasyon an anvan enterè pèsonèl yo, yo ap kontinye kreye kondisyon ki fè lòt peyi antre pou di yo vin pote solisyon.
Li lè pou Ayiti, peyi Desalin ak Tousen Louvèti, rekipere lespri solidarite ak otodeterminasyon ki te fè endepandans li posib. Kriz jodi a, malgre enfliyans pouvwa etranje yo, se yon apèl pou tout Ayisyen fè yon egzamen konsyans kolektif. Reyaksyon an dwe kòmanse ak kapasite pou fè dyalòg, pou konstwi enstitisyon solid, epi pou libere peyi a pa sèlman anba men pouvwa etranje yo, men tou anba divizyon entèn ki paralize l’.
Kesyon an pa dwe sèlman si pouvwa etranje yo kontinye enfliyanse Ayiti, men si Ayisyen yo pare pou bati ansanm yon nasyon ki pa bezwen lòt pou leve kanpe.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !