Depi kèk tan, kriz Ayiti a sanble vin yon zouti pou pati politik yo. Olye pou yo ini fòs pou rezoud pwoblèm ensekirite, gang ak vyolans k ap menase egzistans peyi a, yo pito fè silans oswa itilize sitiyasyon an kòm eskalye pou monte nan pouvwa. Menm lè tout moun ap kriye anba chay ensekirite a, pati politik yo pa janm mete aksan sou yon solisyon konkrè.

An reyalite, yo itilize mizè pèp la pou fè pwòp ajanda yo pwogrese. Pandan popilasyon an ap soufri anba grangou, kè sote, ak dezespwa, pati politik yo angaje nan negosyasyon sekrè, chèche alyans pou kontwole pouvwa a. Kote yo ye lè gang yo fè prizonye kominote yo? Kote yo ye lè timoun pa ka ale lekòl paske yo pè? Kote yo ye lè fanm ak gason pè mache lari lib?

Silans sa a se yon konplisite. Li montre yon mank volonte pou rezoud kriz nasyonal la. Antanke yon pèp, nou dwe mande kont. Nou pa ka kite ensekirite a tounen yon nòmalite, pandan dirijan yo, san vizyon, ap kontinye sèvi ak kriz la kòm pyès jwèt politik yo.

Ayiti bezwen lidè ki vle rezoud pwoblèm lan, pa moun ki sèlman wè avantaj nan destriksyon pèp la. Peyi a merite pi byen. Pèp la merite lidè ki wè nan kriz la pa yon opòtinite pou ranpli pòch yo, men yon chans pou chanje istwa nou.

Ann ranmase fòs pou fè vwa nou tande!

Jean Launy AVRIL, Centre a la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841