Sitiyasyon sekirite an Ayiti, kote gang yo pran kontwòl plizyè zòn, mete yon reyalite grav an evidans: sitwayen yo, ki pèdi tout espwa nan otorite yo, oblije pran devan pou pwoteje kominote yo. Fenomèn sa a montre fòs kouraj pèp ayisyen an, men li klè tou li revele gwo echèk enstitisyon peyi a ki kontinye ap febli chak jou pi plis.
Nan dènye mwa yo, nou wè jan moun òganize tèt yo nan plizyè kominote pou fè fas ak zak britalite gang yo. Men mouvman sa yo fè nou wè tou gen yon konplisite grav ant kèk sektè nan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ak kèk politisyen ki pito fè benefis sou dezòd sa a pase yo konbat li.
Konplisite ki fè bak sou devlopman peyi a
Malgre gen resous materyèl ak fòmasyon, PNH pa ka elimine gang yo, e sa poze anpil kesyon. Gen anpil temwayaj ki montre kèk polisye k ap kolabore ak gang yo, k ap bay yo zam, enfòmasyon, ak lojistik. An menm tan, gen politisyen ki sèvi ak gang yo pou pwoteje enterè pèsonèl yo, sitou nan zafè ekonomik ak politik. Konplisite sa a febli konfyans nan enstitisyon yo, demoralize polisye ki vle fè bon travay, e li kite popilasyon an pou kont li nan fè fas ak pwoblèm yo.
Fòs pèp la kòm dènye baryè
Devan echèk sa a, pèp ayisyen an pa rete kwaze bra. Pouse pa yon gwo anvi viv an sekirite ak jwenn jistis, yo mete tèt yo ansanm pou reziste. Malgre aksyon sa yo merite respè, yo danjere e yo pa sifi pou elimine gang yo nèt. Yo ekspoze kominote yo ak represyon vyolan epi montre nesesite pou yon repons serye nan nivo enstitisyon yo.
Yon responsablite pou tout moun
Pou sispann dezòd sa a, li enpòtan pou rebati PNH sou yon baz transparan ak pwofesyonèl, pouswiv politisyen ki mele nan konplisite sa yo, epi mete an plas politik sosyal ak ekonomik ki ka frape rasin fenomèn kriminèl la.
Antretan, pèp ayisyen an kontinye montre se nan men li veritab souverènte a ye, pandan li ap batay pou yon avni miyò, menm nan pi move moman yo. Li lè pou nou tande vwa yo epi aji!
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !