Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an remèt 24 fevriye 2025 lan anpilyasyon bay diferan delege ak vis delege depatman peyi a arete ki nonmen yo nan pòs sa. Yon seremoni te dewoule nan Viladakèy la an prezans sekretè jeneral palè nasyonal la Marie Elisabeth Régine Joseph Haddad, premye minis la Alix Didier Fils Aimé ak plizyè manm nan gouvènman an, Sekretè deta ak Kominikasyon an Bendgy Tilias.

Prezidan KPT an, Ekselans Leslie Voltaire nan diskoul pou sikonstans lan raple nouvo delege ak vis delege yo enpòtans travay yap gen pou akonpli pandan pasaj yo nan pòs sa. Tout fwa li egzòte yo pou travay ak entegrite, lonè, kouraj ak detèminasyon.

Selon biwo kominikasyon KPT a, nouvo delege ak vis delege yo gen plizyè jèn fanm ak jèn gason. Sa ki pwouve a klè volonte KPT a pou travay ak jèn yo pou mete peyi a sou ray devlòpman.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841