LONU mande $900 milyon pou ede Ayiti fè fas ak kriz imanitè a

Òganizasyon Nasyonzini mande plis pase $900 milyon pou ede Ayiti fè fas ak kriz imanitè ki pa sispann vin pi pal.

Selon Nasyonzini, lajan se pou ede 3.9 milyon Ayisyen ki nan yon sitiyason imanitè ki grav, tankou moun ki kouri kite lakay yo akoz atak gang yo, abitan ki ap viv nan katye ki anba kontwòl gwoup nèg ak zam yo, kominote ki gen moun ki trape viris kolera elatriye.

Nazyonzini souliye: « Sitiyason imanitè a an Ayiti pa sispann deteryore pandan tout ane 2024 la. Vyolans nèg ak zam yo lakoz yon soufrans san mezi, sitou sou fanm ak timoun yo ».

N ap fè sonje, dapre dènye rapò ajans Ocha, gen plis pase 5.5 milyon Ayisyen ki nan yon ensekirite alimantè grav, 2 milyon ladan yo bezwen èd an ijans e 6000 ap viv nan grangou

Anplis de sa, selon OIM, gen plis pase 1 milyon Ayisyen ki oblije kouri kite lakay yo akoz vyolans gang yo.

Pou rive pote yon solisyon ak kriz la, Nasyonzini mande $908,2 milyon (dola ameriken.)

Pi lwen, sekretè jeneral Nasyonzini an, António Guterres pwopoze konsèy sekirite a, pou fè kèk chanjman nan Fòs miltinasyonal la, nan lide pou LONI ka pran an chaj aspè lojistik misyon an

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841