Ayiti, ki te konn rele « Pèl Antiy yo », jodi a tounen yon peyi kote lavi chak jou se yon kokennchenn defi. Vyolans gang yo vin pi grav chak jou, mete popilasyon an nan kè sote, kote moun pa konn si y ap ka retounen lakay yo an sekirite. Pòtoprens ak plizyè lòt zòn nan peyi a tounen espas kote leta pèdi tout kontwòl. Asasina, kidnapin, zak kriminèl, kadejak, kraze brize, ekòte : gang yo ap enpoze lwa pa yo, san pèsonn pa ka mete fren.
Malgre tout diskou otorite yo fè sou sekirite, reyalite a montre yon leta ki depase, yon polis ki febli, epi yon sistèm ki pa fonksyone. Chak jou, yo anonse nouvo plan pou konbat ensekirite, men sou teren an, se menm laterè a k ap kontinye. Se tankou gang yo pi pwisan pase leta li menm. Pandansetan, kominote entènasyonal la ap gade san fè anyen ki ka vrèman chanje sitiyasyon an.
Moun yo soufri. Yo leve chak jou ak kè sere, yo pè soti lakay yo, paske chak mouvman se yon risk. Katye antye sou kontwòl gang, epi plizyè milye fanmi oblije abandone lakay yo pou chèche sekirite kote pa gen lavi. Timoun yo pa ka ale lekòl san kè sote, lopital yo manke medikaman ak mwayen pou pran swen moun ki viktim, epi ekonomi an tonbe anba pwa kriz la.
Nan mitan kaos sa a, gen anpil vwa k ap leve pou mande aksyon solid. Eske nou ka toujou espere leta a reprann kontwòl ? Eske nou kondane pou nou wè peyi nou ap degrengole san nou pa ka fè anyen ? Malgre gen kèk moun ki eseye leve kanpe kont sa k ap pase a, men kijan y ap ka konbat gang ki gen gwo zam epi ki finanse pa rezo ki pi pwisan pase yo ?
Nou rive nan yon pwen kritik. Ayiti pa ka kontinye sou wout sa a. Se moman pou mete aksyon sou tout bèl pawòl ki di deja. Leta dwe reprann responsablite li, epi kominote entènasyonal la pa ka kontinye jwe jwèt sezi men lòtbò. Pèp ayisyen an merite plis pase sa l ap sibi jounen jodi a. Nou dwe reprann peyi nou, nou dwe retounen nan lapè, nou dwe reprann diyite nou.
Nou pa ka tann ankò.
Sadrax ULYSSE, editoryalis Centre à la UNE !