Nan wikenn ki sot pase a, kapital Ayiti a tranble anba tansyon pandan fòs lòd yo te lanse gwo operasyon nan plizyè katye sansib, sitou nan ba Delmas, vilaj ak zòn ki toupre yo. Apre plizyè atak feròs gang ame yo fè, otorite yo vin sèvi ak nouvo metòd ak estrateji ki fè bandi yo panike nèt ale. Plizyè chèf gang yo te frape dirèkteman, fòse anpil nan yo pran kaval e ap viv anba gwo perèz.
Men gwo kesyon tou moun ap poze : poukisa yo pa kontinye ak operasyon yo jiskaske yo demantle tout rezo kriminèl yo ? Repons lan klè : evite gang yo repran fòs. Chak fwa presyon an bese, bandi yo pran avantaj pou yo reyòganize, ranfòse pozisyon yo e retounen pi vyolan toujou. Yon operasyon ponktyèl pa ase ankò ; li lè pou adopte yon apwòch dirab ki pa kite okenn chans pou kriminèl yo respire.
Popilasyon an, ki depi lontan viktim laterè gang sa yo, swete wè yon chanjman konkrè. Kontinite operasyon fòs lòd yo ta ka remete konfyans nan mitan sitwayen yo epi montre Leta a pare pou li ale jiskaske li retabli sekirite a. Sepandan, li esansyèl pou aksyon sa yo mache ak yon vrè estrateji estabilizasyon : okipe zòn yo libere yo, ranfòse prezans lapolis ak angajman kominotè pou anpeche nenpòt retou an aryè.
Yon viktwa kont gang yo dwe pa sèlman yon siksè fòs lòd yo, men tou yon viktwa sosyal. Fòk gen altènativ pou jèn yo ki souvan rekrite fòse nan gang ame sa yo, fòk nou ranfòse lavi sosyal ak ekonomik nan katye ki afekte yo epi asire ke lajistis fè travay li.
Lè a pa pou mwatye mezi ankò. Tout peyi a ap tann yon repons fèm ak dirab. Chak operasyon dwe yon pa nan direksyon lapè, epi chak avansman dwe konsolide. paske si fòs lòd yo fè bak, se gang yo ki pral avanse.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une