Gouvènman domiken an site pou pipiti 26 gang an Ayiti, li deklare Òganizasyon kriminèl sa yo ofisyèlman se teyoris. prezidan Luis Abinader ki siyen dekrè 104-25 lan fè konnen, depi gang sa yo rantre Sendomeng, y ap trake epi jije nòmalman kòm teyoris.
Gouvènman dominiken an revele non 26 gang nan peyi Dayiti li twouve ki nan òganizasyon teworis, madi 4 mas 2025 lan.

Lis sila a gen ladann gang: Dèlma 6, 5 segond, Kraze barye, 400 Mawozo, Granravin, Taliban/Kanaran, Baz Gran Grif/Gang Savyen, Kokorat San Ras, Anwo Bèlè/Ajanten, Belekou, Ti Bwa, Krache Dife, Chabon, Waf Jeremi, Gang Pyè VI, Simon Pele, Nan Boston, Baz Pilat, Chen Mechan, Fò Dimanch, Gang Tokyo, Chansrèl, Kafou Dwouya, Tè Nwa, Bouklin ak Maryani.

Daprè peyi Vwazen an, gwoup sa yo kapab reprezante risk ak menas pou Sendomeng.

Gouvènman dominiken an deklare ajans sekirite leta a ak ransèyman yo gen misyon pran tout mezi nesesè pou anpeche gwoup sa yo pile teritwa pa yo epi nwi enterè dominiken nan peyi etranje.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841