Selon enfòmasyon jounal Diario Libre pibliye madi 4 Mas 2025 lan, otorite dominikèn yo sezi 36 000 katouch ak 23 zam tankou fizi, pistolè, wouzi) ki soti Etazini ki t ap antre ann AYITI. N ap raple, tou resamman Dominikani te sezi 37 lòt zam de tout kalib ki t ap antre Ayiti.
Se yon kantite zam, ki kapab ede nan preparasyon “Twazyèm Gè Mondyal” otorite Dominikèn yo sezi, alòske yo te soti Florida Etazini pou te antre nan peyi Dayti .
Direksyon Jeneral Dwàn Sendomeng sezi 36.000 katouch diferan kalib, yon fizi barèt kalib 50 milimèt, yon mitrayèt ouzi, yon silansye, yon bwat pou mete zam, yon chajè fizi kalib 50, 18 chajè fizi, 13 chajè 9 milimèt, 23 zam diferan kalib, 17 fizi kalib 7.62, 7 zam glòk kalib 9 milimèt.
Zam sa yo soti direkteman nan Florida, te dwe antre Ayti pandanl tap tranzite Repiblik Dominikèn.
Se pi gwo sezi zam, ki te dwe antre Ayti ke otorite Dominikèn yo dekouvri.
Gen ankèt ki lanse pou konnen kiyes ki dèyè kagezon sa e bay kiyès ekzakteman li te destine. Nap raple, depi lè bandi yo pran kontwòl kapital Peyi an soti sou Jovenel Moise rive Sou konsèy prezidansyèl sa, okenn desizyon pa janm pran pou bloke Pò ak fwontyè yo pou anpeche zam ak minisyon rive jwenn bandi yo.
Sa poko gen 2 semèn depi chèf gang lanmò 100 jou te resevwa plizyè milye bal ak minisyon, espesyalman pou menm fizi Barèt sa li te resevwa yon ti kras tan avan.
Marie Ange Nore PIERRE, Centre à la UNE !