Èske dwàn Beladè a se ta yon veritab kanal ki sèvi koulwa pou zam ak katouch soti Repiblik Dominikèn san okenn kontrent pou anvayi AYITI anba konplisite anpil otorite etatik ak politisyen Ayisyen ?
Charles Yvon ki se chofè rapwoche direktè dwàn Beladè a ki se Ronald Nocia, jwenn arestasyon li vandredi 7 mas 2025 la nan vil Mibalè. Selon delege Frederique OCCÉAN, Yvon te pote 250 000 goud ki soti nan men direktè dwàn Beladè a, pou eseye foure li nan koripsyon, se pou sa li te tou mande arete Yvon. Toujou selon delege Frédérique, Yvon te akonpaye ansyen vis delege Jones Germain ki li menm te pran lafwit.
Devan Jij de pè a, Charles Yvon deklare « Li pa t okouran si se te yon kòb yo te ba li pote pou delege depatmantal la. Se anyen vis delege Germain ki te di l direktè dwàn Beladè a mande pou li al fè yon wout ak li. Li pa t menm konnen delege a, se lè l rive nan wout li tande y ap pale de delege a nan telefòn. Li pa t gen kòb nan men l, kòb la te nan men ansyen vis delege a ki retire divès pyès ak dokiman li te gen nan valiz la, epi remèt li valiz la pou li pote l bay delege depatmantal la. Rive nan yon restoran, se la li louvri valiz la, li pran kòb la bay delege a jan ansyen vis delege a te mande li fè sa, li pa t okouran de anyen. »
Nan yon entèvyou li akòde ak Centre à la UNE, Delege Depatmantal Sant lan Frédérick OCCÉAN esplike alèt li te genyen sou divès konntenè sispèk ki te gen minisyon ak zam ki t ap soti nan Dwàn Beladè a. Li fè konnen li te akonpaye Direktè PNH la nan depatman Sant, Delin Boyer, pou ale verifye ak jij de pè epi louvri Konntenè yo mèkredi 5 mas pase a.
Aktyèl delege depatmantal la avanse pou di: « Nan vizit verifikasyon sa a, Direktè dwàn nan Ronald Nocia te mawon pandan peryòd tan prezans li nan Dwàn nan, malgre li te deja reponn l ap prezan pou fouy yo, kote menm youn nan Konntenè sispèk yo pa t retwouve yo nan espas Dwàn nan jiskaske lè pou fèmti enstitisyon an te rive.
Yon lòt kote, ayè vandredi 7 mas 2025 la, delege depatmantal la Frederick OCCEAN di li te pase sekirite l yo lòd pou arete Charles Yvon ki se frè pa alyans DG dwàn Beladè a pou tantativ koripsyon ki, te akonpaye ak ansyen vis delege Beladè a Jones Germain ki te mache ak anviwon 250.000 goud kach epi chak mwa y ap mete li sou pewòl 250.000 goud ankò, nan objektif pou li fè silans sou vas koripsyon k ap pase nan administrasyon dwàn Beladè a.
Alòske non direktè Ronald ap site nan tout ka sa yo, nan yon tweet jounal Metronome te pibliye menm jounen 7 mas la, yo rapòte Direktè dwàn nan Ronald Nocia di li adopte divès mezi pou lite kont kontrebann nan zòn nan, pandan li solisite èd PNH pou ede li ranfòse Kapasite ajan sou plas yo.
N ap note, se jij de Pè Drixnel Telemarque ki te pwosede ak konsta legal yo pou rès suivi jidisyè yo.
Dènye tan sa yo, fwontyè Beladè a ki nan depatman Sant peyi Ayiti fè pale anpil de li nan sa ki gen pou wè ak kontrebann an jeneral, men an patikilye nan komès zam ak minisyon k ap soti Repiblik Dominikèn, anpil zak koripsyon ak divès lòt zak ki kontribye nan mete chita sistèm ensekirite a ann Ayiti.
Washington FLORVIL, Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE