Pandan negosiyasyon yo sou wout pou kòmanse nan objektif pou jwen yon lapè ant peyi Larisi ak peyi Ikrèn, dirijijan Ikrenyen yo lanse yon atak dròn masiv sou Moskou ak plizyè lòt vil nan peyi Larisi

Anviwon 337 dwon lanse sou peyi Larisi nan lendi 10 mas pou rive madi 11 mas 2025 lan, selon ekspè yo genyen 91 dwòn kite lanse sou region Moskou a, 126 sou region fontalyè Koursk, epi plizyè lòt dwon sou vil pwovens tankou Orel

Bilan atak yo selon responsab yo nan peyi Larisi; 91 dwon kite lanse sou kapital la ( Moskou) te entèsep epi detwi pa defans aeryèn Ris la, malerezman debri yo ki tonbe sou yon pakin lakòz yon ajan sekirite pèdi lavi l, an total yo rive konte 18 blese epi 3 mò pami yo yon timoun se sa ministè sante Ris la deklare

Dirijian Ris yo ki denonse atak Ikrèn nan paske yo ta vize sosyete sivil, yon lòt bò yo deklare atak dwòn masiv Ikrèn nan se yon echèk, dirijan Ikrenyen yo bò kote pa yo fè konnen yo lanse atak sa nan objektif pou fosè Prezidan Poutine aksepte yon trèv aeryèn

Lè nou konnen chita pale pou jwen yon lapè ant 2 peyi yo ta dwe komanse jodi madi 11 lan nan peyi Arabi Saoudit, ant reponsab peyi Ikrèn epi responsab peyi Etazini, anpil moun ap doute aprè atak sa èske pwosesis pou lapè a p ap fè bak.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE !

Laisser un commentaire