Nan yon nòt li rann piblik lendi 8 mas 2025 la, Direktè dwàn Beladè a Me Ronald NOCIA, pote yon demanti fòmèl kont deklarasyon Delege Depatmantal Sant lan, Me Frédéric OCCÉAN te fè kont li, ki te deklare disparisyon plizyè kontenè ki te gen zam ak minisyon ladan yo lye dirèkteman ak direktè dwàn nan.
Direktè dwàn Beladè a, Ronald NOCIA, voye jete byen lwen tout deklarasyon sa yo Delege Depatmantal la fè kont li ak tout enfòmasyon ki fè kwè li ta voye chofè li pote 250 000 goud bay delege a pou negosye sou zafè kontenè zam yo ki disparèt la epi l ap bay delege a 150 000 goud chak mwa pou delege a favorize li fè kontrebann sou fwontyè a.
Direktè NOCIA fè konnen depi lè li rive nan tèt dwàn Beladè a, li te rankontre anpil difikilte koz biwo dwàn nan ki te fèmen pandan lontan e, jiskaprezan li kontinye ap rankontre menas bò kote politisyen, ni bò kote kontrebandye yo anpil fwa ki kraze kloti e kase chenn ki nan baryè prensipal la pou pèmèt kamyon machandiz yo pase san dedwane machandiz yo.
Daprè direktè Ronald, zak sa a Delege Depatmantal la poze kont li a li konsidere kòm difamasyon, p ap rete san pini. Nan sans sa a, li anonse li deja tanmen dyalòg ak konseye jiridik li yo, yon fason pou trennen dosye a douvan lajistis pou pèmèt limyè rive fèt nan yon delè ki pa long. Direktè dwàn nan di li deja mete administrasyon jeneral dwàn yo okouran de sitiyasyon an, sa k ap pemèt otorite konsène yo mennen ankèt apwofondi tou suit sou dosye a.
N ap note, Direksyon Jeneral dwàn yo ann Ayiti voye jete byen lwen deklarasyon delege OCCEAN te fè kont direktè dwàn Beladè a. Direksyon dwàn yo ann Ayiti presize brigad ki la pou siveye ak polisye ki ap sekirize dwàn nan pa t siyale okenn sitiyasyon ki lye ak sa delege depatmantal Sant lan di a.
Florince FRAGILE, Centre à la UNE