Depi fòs miltinasyonal la rive nan peyi a, te gen espwa pou lapè tounen, pou pèp la reprann souf. Plizyè santèn sòlda ak polisye soti nan plizyè peyi ap sikile nan kèk zòn ki sansib. Men, jiskaprezan, anyen pa chanje. Okontrè, gang yo vin pi mechan, pi odasye, pi vyolan. Zak kriminèl tankou dife ki boule lokal Radio Télévision Caraïbes nan mitan kapital la montre jan leta a echwe devan pouvwa gang yo.
Fòs nasyonal yo – Polis la, Lame a, BSAP – toujou limite nan kèk espas, tankou si se sèl kote sa yo ka mete pye, pandan gang yo ap vale teren chak jou pi plis. Ki jan nou ka eksplike, malgre prezans fòs entènasyonal yo, malgre plis mwayen sekiritè, bandi yo toujou ap detwi peyi a san okenn rezistans serye ?
Pwoblèm nan, genyen gwo aspè : mank kowòdinasyon nan estrateji sekiritè yo epi absans yon volonte politik klè pou mete fen nan ensekirite a. Lòt peyi ki te viv kriz menm jan ak nou te mete kanpe plan efikas pou konbat bandi : dekrè leta dijans sekiritè, kraze rezo kriminèl yo, mete sanksyon sou moun k ap finansye ak soutni gang yo.
Men, ann Ayiti, olye n ap goumen ak tout fòs kont gang yo, nou kite peyi a tonbe pi fon nan dezòd. Pandan se tan, pèp la se pi gwo viktim. Lap soufri, lap peri anba bal. Kilè sa ap fini ?