Nan yon peyi kote lajistis ta dwe poto mitan Leta, an Ayiti, li tounen yon zouti nan men gwo zotobre yo. Li se yon pwodui ki netwaye non moun ki gen pouvwa, men li se yon kouto ki koupe san pitye pou malere ki pa gen non nan sosyete a. Pandan politisyen ak gran nèg ap sòti san menm yon grafiyaj, malere ap pouri nan prizon pandan plizyè ane san okenn jijman, jis paske yo pa gen lajan, yo pa gen koneksyon.

Lajistis Ayiti a sanble ak yon balans ki chaje plis sou yon bò pase sou lòt la. Pou gran nèg, li se yon kle ki louvri pòt enpinite. Pou pòv malere, li se yon chenn ki mare yo ak fèmen pòt la dèyè yo san okenn espwa pou libète.

Direksyon Jeneral Polis Jidisyè a (DGPJ), ki ta dwe senbòl rigè ak endepandans, pa fè anyen pou chanje sa. Okontrè, li mete plis dout nan lespri pèp la. Twòp dosye rete twoub, twòp ka mal jere, twòp akizasyon san prèv klè. Dosye tankou sa ki gen rapò ak ansyen majistra Youri Chevry oswa ansyen senatè Nenel Cassy montre jan lajistis ap jwe ak desten moun selon enterè yo, san okenn prensip.

An Ayiti, lajistis se yon kouto ki koupe sèlman nan yon sèl direksyon. Yon pyès monnen ki toujou tonbe sou menm figi a. Depi li rete yon zouti politisyen yo ap sèvi ak li pou regle zafè pa yo, popilasyon an ap kontinye viktim yon sistèm kote inegalite se règ ak enpinite se nòmal.

Men jis kilè ? Jis kilè lajistis Ayiti a ap kontinye rete yon imitasyon, san fòs, san vizyon, san kapasite pou pwoteje viktim yo epi pini koupab yo, kit yo pòv, kit yo rich, kit yo gwo figi, kit yo moun ki pa gen non ?

Lajistis ta dwe dènye ranpa demokrasi a. Men Ayiti, li tounen yon pon pou gran nèg travèse san pwoblèm, men li se yon miray san pòt pou sa ki pa gen mwayen. Yon peyi paka konstwi sou yon baz konsa. Li lè li tan pou lajistis retounen sa li te toujou dwe ye : yon prensip sakre, yon boukliye pou inosan yo epi yon epe pou pini tout kriminèl, kèlkeswa estati yo nan sosyete a.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire