Onz mwa apre enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ayiti kontinye ap fonse pi fon nan yon kriz sekiritè san parèy. Jodi a, komin Pòtoprens tounen yon teritwa gang ap dirije, kote lalwa bandi ranplase lalwa repiblik la. Lari yo tounen chan batay, sitwayen yo tounen otaj, epi Leta disparèt tankou li pa janm ekziste.
Edikasyon an kriz : Yon jenerasyon ki pèdi avni li
Lekòl ak inivèsite, ki se poto mitan devlopman, vin pi gwo viktim dezòd sa a. Plizyè fakilte oblije fèmen pòt yo, anpil lekòl tradisyonèl oblije sispann fonksyone poutèt zak vyolans k ap ogmante chak jou. Ki avni peyi a lè jèn yo pa ka ale lekòl ? Ensekirite a ap detwi pa sèlman lavi, men l ap boule tout chans pou Ayiti gen yon jenerasyon ki kapab chanje sitiyasyon an.
Bandi ap pran teren, otorite ap chèche pouvwa
Olye leta mete yon estrateji klè pou mete bandi yo andeyò, lidè politik yo ap goumen pou pouvwa, san yo pa okipe veritab mizè pèp la. Pandan Premye Minis lan ap fè diskisyon initil ak Direktè Jeneral PNH la, gang yo menm ap ranfòse kontwòl yo sou kapital la. Jounen jodi a, tout wout ki soti Pòtoprens anba men bandi. Peyi a tounen yon prizon kote pèp la pa gen okenn kontwòl sou lavi li.
Otorite ki pa ka pwoteje pèp la pèdi lejitimite li
Leta genyen yon sèl misyon fondamantal : pwoteje sitwayen li yo. Lè gouvènman an pa ka garanti sekirite popilasyon an, li pèdi tout lejitimite li. Pèp Ayisyen an bouke ak bèl pawòl, bouke ak pwomès vid, bouke ak estrateji ki pa janm bay rezilta. Pandan bandi yo ap kontinye mete peyi a sou jenou, lidè yo ap tann kisa pou yo fè, tankou si se pa travay yo pou yo reponn ak kriz sa a.
Yon sèl chwa : Reyaji oswa pèdi Ayiti nèt
Jodi a, gen de chwa sèlman : reyaji avèk tout fòs ki nesesè pou kraze gang yo, oubyen kite peyi a tonbe nan twou san fon kote nou p ap ka soti ankò. Fòk leta reprann kontwòl teritwa a, libere wout estratejik yo, asire ke sèvis esansyèl yo disponib, epi mete sekirite pèp la an premye priyorite.
Ayiti pa ka tann ankò. Si otorite yo pa mete aksyon sou pye imedyatman, istwa ap sonje yo kòm moun ki kite peyi a fini nèt anba men bandi.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une