Depatman Sant Ayiti bloke depi dimanch 23 jiska madi 25 mas 2025 la akòz bandi ame yo ki boule komisarya Tè Wouj, epi kraze l ak kout mas. Yon sitiyasyon ki mete Plato Santral nan gwo kè sote.
Sa fè plizyè lane depi abitan yo nan peyi Ayiti ap monte yon masuife, kote vi ak byen pa reprezante anyen anba je bandi ame yo. Depatman sant pa epanye anba men malfra sa yo, lè nou raple nou atak sou komin Sodo vandredi 22 septanm 2023, kote yo te touye moun, piye biznis, boule komisarya, epi ale ak divès machin, pami yo machin komisarya Sodo.
3 jou aprè, menm bandi sa yo ta pral tounen Sodo, yon ti tan aprè yo pwogrese epi antre nan vil Mibalè nan dat 25 septanm 2023. Pi lwen, nan mwa fevriye 2024, bandi sa yo te fè yon tantativ pou enstale yon gwoup gang nan Fon Cheval, lapolis te deloje yo.
Depi aprè tout atak sa yo, bandi yo pa janmen lese ba Plato Santral trankil, yo toujou fè divès atak de tanzantan. Malgre depi plizyè mwa sosyete sivil la ak plizyè gwoupman mande Leta Ayisyen re-okipe espas komisarya Tè Wouj la, ogmante efektif polis la nan Sodo ak Mibalè, voye plis blennde, ansanm demand sa yo rete san repons. An konsekans, sa lakòz bandi yo boule komisarya Tè Wouj la samdi 22 mas la, epi kraze l ak kout mas nan dimanch 23.
Selon konstitisyon peyi a leta dwe popilasyon an sekirite, men poutan nan reyalite a se le kontrè, Leta pa voye je sou popilasyon an, vwa fè prevansyon pou anpeche osinon bloke bandi yo ki toujou swete okipe lòt espas.
Fas ak iresponsablite Leta a, sitwayen yo nan Mibalè bloke wout nasyonal #3 depi dimanch 23 mas la pou anpeche pwogresyon bandi ame yo. Yon sitiyasyon ki mete an difikilte anpil, vrèman anpil sitwayen ki te pale ak jounal la. Sa ki gen pwodui yo pote k ap gate, lòt ki pote gaz pou alimante rès gran nò, ak anpil lòt pwoblèm.
N ap raple, plizyè moun nan Fon cheval, Tè Wouj, Trianon oblije kouri kite kay yo, lekòl pa fonksyone, moun yo fè konnen se nan raje y ap dòmi depi dènye atak bandi yo samdi 22 mas la.
Nan mikwo laprès, sitwayen sa yo mande Leta Ayisyen èske se yo ki pou goumen ak gang yo ou byen èske y ap kontinye kouri kite kay yo san konnen ki kote yo prale?
Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE