Depi komansman sezon 2025-2026 la, jiska samdi 22 mas 2025 la, anpil je fikse sou entènasyonal Ayisyèn 🇭🇹 nan Melchie Daëlle Dumornay Corventina, ki se youn nan jwè k ap domine mond foutbòl fanm nan an Ewòp. Dominasyon sa a pouse anpil moun k ap suiv chanpyona fransè ak Ewopeyen an fè anpil deba sou pèfòmans pepit Ayisyèn nan, Corventina.
«Youn nan atakan ki pi fè plis pè nan premye lig fransèz la, okenn moun pa ko ka arete milye teren Dumornay ki deja make 14 gòl, 6 pas gòl, 36 chout kadre pou yon kot 8.6 pandan sezon sa a.
Entegrasyon li nan 11 depa Lyon, yon klèb ki g on istwa resan trè rich nan dominasyon nasyonal ak ewopeyèn ki enpresyonan. Poutan, entènasyonal Ayisyèn nan pa sèlman pran plas li nan ekip la, men li devni enkontounab.

Corventina ki te fini meyè jwez ¼ de final match ale ki te jwe nan « Ligue des champions » medam yo madi 18 mas 2025 la, kote Lyon te bat Bayern Munich 2-0, Melchie te make 2èm gòl la nan 65′
Depi li rive nan Lyon, kote li soti nan Reims sa gen 18 mwa, jis avan kanpay trè wo nivo li nan koup di mond 2023 a, jwèt Dumornay a vin konnen yon pwogresyon de wo nivo.
Li tire leson sou kèk meyè foutbolè ewopeyen tankou Lindsey Heaps, Ada Hegerberg, Kadidiatou Diani ak Tabitha Chawinga, li travay sou jwèt li e vin tounen yon milye teren konplè. Sa ki bay plis sipriz, se paske li gen sèlman 21 lane.» Se sa ESPN di.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE