Nan tèt kole ak delegasyon Sant lan, Lapolis fè yon pèkizisyon nan komin Beladè dimanch 30 mas 2025 la kay Schiler LOUIS yo akize de gwo trafikan zam. Divès inite nan Polis la tankou (SWAT, UDMO, BOID, UTAG) ak Jij de pè jwenn 2 zam ki gen kalib douz ak plizyè telefòn lakay Schiler ki gentan chape poul li.

Responsab yo arete Micheline LIBERICE ki se nyès Schiler, yon lòt jèn fi ak yon jenn gason nan kad ankèt y ap mennen sou dosye sa a.

Selon enfòmasyon Centre à la UNE dispoze, otorite yo fouye 4 kay, kote 3 ladan yo se pwopriyete Schiler, yo sezi pou pi piti 3 machin: Yon Nisan Fwontyè, yon Toyota fòwènè ak yon Djip Wanglè. Yo desann Mibalè ak yon pitit gason li, yon minè 14 lane ki ta yon pitit li fè ak yon dam ki nan prizon an Repiblik Dominikèn, toujou pou trafik zam ak minisyon.

N ap raple, avan Schiler, Guitho Sénat ki se mèt otèl Le Wozo nan komin Beladè lapolis te arete nan vil Ench, depatman Sant jedi 13 mas 2025 la pou enplikasyon prezime li nan trafik zam. Yon kagezon zam Repiblik Dominikèn te sezi menm jou a te pou Guitho, selon enfòmasyon nou te dispoze.

Pi lwen, nan tèt kole ak Pakè Mibalè ak tout delegasyon Sant lan, Lapolis te rive arete Crilex PIERRE ak 2 zam plis katouch. Crilex ki se moun Kachiman komin Beladè ki gen 36 lane, prezante bay otorite yo yon badj BSAP ak grad enspektè. Arestasyon an fèt nan yon klèb vandredi 7 mas 2025 la vè 11 nan aswè.

Sérondier LOUISIA, Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841