Depi kèk lane, sitiyasyon sekirite an Ayiti ap vin pi grav chak jou. Men sa k ap pase jodi a nan depatman Sant la depase tout sa nou te ka imajine. Mirebalè ak Sodo, ki te konn reprezante diyite ak rezistans, yo jodi a tonbe nan men bandi san okenn rezistans otorite yo. Sa nou wè a pa yon erè, men yon trayizon louvri otorite ki gen misyon pou pwoteje popilasyon an.
Bandi antre nan Sodo ak Mirebalè san okenn difikilte, san okenn konfwontasyon. Ki jan sa te posib ? Repons lan klè : direktè jeneral Polis Nasyonal la (PNH), direktè depatmantal la, ak komisè lapolis Mirebalè a pat fè anyen pou anpeche sa. Polisye ki sou plas yo te goumen pandan de jou, men yo pat resevwa okenn ranfò, okenn asistans. Malgre apèl detrès ki te fèt, otorite ki anwo yo te fèmen zòrèy yo, yo refize mete fòs sou pye pou goumen ak bandi yo. Finalman, polisye yo te oblije abandone, epi yo lage vil yo bay bandi.
Nou pa ka fin konprann sa k ap pase la a. Pandan plizyè mwa, popilasyon an te lanse alèt sou menas kap monte sou vil sa yo. Otorite yo te gen tan pou yo prepare defans yo. Men sa nou wè jodi a, se bandi k ap mache lib nan lari, k ap simaye laterè, k ap detwi, boule, touye.
Depi maten, vil yo an flanm. Bandi mete dife, kraze boutik, detwi kay moun yo. Fwontyè lanmò louvri, fanmi ap kouri sou tout wout pou chèche kote pou yo sove. Ki kote pou yo ale? Ki kote ki an sekirite jodi a an Ayiti?
Pandan tout trajedi sa yo, otorite yo rete bèbè. Leta disparèt, li bay do li ak tout popilasyon an. Yo abandone moun yo, yo pa bay okenn espwa sekou. Se pa sèlman yon enkonpetans, men li klè ke genyen yon volonte pou kite bandi pran kontwòl peyi a.
Si jodi a Sodo ak Mirebalè tonbe, demen se Hinche, Kap Ayisyen, Jakmèl, Jeremi k ap tonbe tou. Gouvènman ak responsab sekirite yo pa gen okenn volonte pou konbat gang yo. Okontrè, li sanble yo ap fasilite travay yo, kòm si gen moun ki nan tèt leta a k ap kolabore ak yo.
Nou bezwen poze kesyon sa yo :
Poukisa lapolis pa te resevwa okenn ranfò pou defann vil sa yo?
Ki enterè leta genyen pou l kite bandi mete men sou depatman Sant?
Kisa nou dwe fè kounye a pou pa kite lòt vil tonbe?
Pèp la dwe leve kanpe, li pa ka rete tann jouk li disparèt. Nou dwe mande kont, nou dwe mande jistis pou tout viktim ki tonbe. Si nou pa mete tèt ansanm pou nou goumen, si nou pa mobilize, jodi a se Mirebalè ak Sodo, men demen tout lòt kote nan peyi a va soufri menm sò a.
Ayiti se pou pèp li, se nou menm ki pou reprann li. Si leta pa vle konbat pou sekirite nou, nou dwe mete tout fòs nou ansanm pou di ase ! Nou pap kite peyi nou disparèt konsa!