Jedi 3 avril 2025, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, te pran lapawòl pou adrese pèp ayisyen an. Li te akonpaye pa Konseye-Prezidan Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Régine Abraham, ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, Sekretè jeneral Palè Nasyonal la Marie Élisabeth Régine Joseph Haddad, Responsab Misyon miltinasyonal la Jeneral Godfrey Otunge, Direktè jeneral Polis Nasyonal la Rameau Normil, epi Kòmandan an chèf Lame a Derby Guerrier.

Nan mesaj li a, Prezidan KPT a di li byen konprann soufrans pèp la epi li rekonèt ijans sitiyasyon an. Li mete aksan sou enpòtans dat 3 avril la, ki make premye anivèsè akò ki te siyen an 2024 pou mete peyi a sou chemen rekonstriksyon ak estabilite. Konsèy la rete kanpe fèm bò kote pèp la pou fè fas ak kriz k ap brase peyi a.

Pou reponn a sitiyasyon grav la, Konsèy la deja adopte plizyè mezi estratejik pou ranfòse batay kont gang yo. Li bay gouvènman an direktiv pou idantifye ajan BSAP ki konpetan epi entegre yo nan Lame ak Lapolis, pou ede nan batay pou libere peyi a. Li ankouraje tout gouvènman an ak tout sitwayen pou patisipe, chak nan nivo pa yo, pou mete fen nan move zak k ap minen sekirite piblik la. Yon nouvo bidjè ap ratifye byento, ak priyorite sou finansman lagè kont bandi yo.

Prezidan KPT a renouvle angajman Konsèy la pou mete yon nouvo modèl gouvènans an plas, elimine ensekirite a epi fasilite pwosesis elektoral la. Objektif final la rete klè : remèt pouvwa a, nan dat 7 fevriye 2026, bay otorite lejitim ki va soti nan eleksyon demokratik yo. Malgre defi yo, Konsèy la rete detèmine pou mennen batay la jouk viktwa final la, pou pèp ayisyen an ka reprann kontwòl destin li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841

Laisser un commentaire