Rapò a revele ke Habitant te patisipe nan tranzaksyon ki enplike vann machandiz ki ta vòlè ak founi enfòmasyon sou disponiblite katouch pou sèvi enterè gang yo.

Pami akizasyon ki pi grav yo, FJKL fè konnen Magalie Habitant te aji kòm entèmedyè ant chèf gang Kempès ak ansyen depite Prophane Victor pou achte 20 kès katouch divès kalib.

Tranzaksyon sa a, ki te estime a 70,000 dola ameriken, montre nivo òganizasyon ki egziste nan rezo sa yo. Mesaj WhatsApp ki ta dekouvri yo bay prèv sou wòl li nan fasilite kominikasyon ak lojistik pou operasyon sa yo.

Anplis, rapò a mete aksan sou enplikasyon chofè li, Lenès Jean Philippe, ki ta sèvi kòm yon zouti pou transfè lajan, sa ki mete ann evidans yon sistèm byen estriktire pou sipòte gang yo.

Yon lòt pwen enpòtan se patisipasyon yon gwo biznisman, ke non li poko revele, ki ta gen lyen ak Habitant pou finansman endirèk aktivite kriminèl atravè koneksyon ak chèf gang yo.

Akizasyon sa yo mete limyè sou yon rezo konplèks ki pa sèlman enplike aktè politik ak kriminèl, men tou moun ki nan aktivite ekonomik.

Jean Lauly AVRIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841