Nan sosyete tradisyonèl yo pa t gen mòd . Moun yo te viv modès, yo manje senp e abiye desan e selon laj ak ran sosyal yo. Avni yo te pi enpòtan ke tout bagay. Kontrèman sosyete jodi a ki swa dizan rele sosyete Modèn ki li menm, chanje done yo. Li charye dèyè li yon pakèt reyaksyon ki konpwomèt avni Jenès la.
Konpòtman jèn Jounen Jodi a gen gran enpak sou imaj yo pwojte nan sosyete a.
Jenerasyon jodi a tonbe nan yon pyèj aparans ki ap vale yo tou vivan: fenomèn “Pase Drip” la. Se pa yon mo kreyatif sèlman, li se yon mantalite ki vin pou devore anpil jèn, ki vire tout bagay tèt anba nan yon lespri konpetisyon.
Jèn fi, jèn gason, yo mete tèt yo nan yon kous san fen pou imite zanmi, montre yo gen plis, fè konpetisyon rad, frechè, abiman, kòm si lavi se yon defile san lespri. Depanse san gade dèyè, bay aparans, e bezwen montre. Menm si yo pa gen, men yo fè tout sa yo pa dwe fè pou parèt tankou yo te gen plis (alewè).Yo prete, genyen ki pran lajan moun, genyen antre nan bagay yo pa ta janm dwe fè, toutotan sa ka pèmèt yo « pase drip » sou lòt yo.
Passe Drip ; yon fenomèn kap pase nan lavi jèn yo ke anpil moun ki plase pou pran desizyon nan sa pa fè ka de li tandike lap anvlimen chak jou jiskaske sa vin tounen yon maladi sosyal, yon viris moral.
Kisa PASE DRIP lan ye?
Se yon mòd ki parèt Jodi a kote jèn yo livre yo nan konpetisyon frèch. Abiye chè, fè pòz foto diferan ,mache diferan , prezante pigwo ak dènye modèl telefònbay aparans ke yo se gran depansè jis pou kraze lòt zanmi yo ,ou byen pou parèt tèt diferan.Yo menm rive gen Moun ki la ap veye lòt zanmi pou yo yon fason pou konnen ki nouvo louk zanmi an fè pou yo ka antre l tankou fo kòb pandan yap pase Drip sou li.
Pase drip, se pa senpleman byen abiye ; se chèche bay aparans pou montre ou gen plis pase lòt, menm si w ap kraze tèt ou pou sa.
Gen jèn ki mete tèt yo nan pratik ki danjere, jis pou yo ka montre zanmi yo ke yo gen plis mwayen, ke yo, pran pi pòz ke yo ,fè pi gwo frèch ke yo. Yo achte sa yo pa kapab peye, yo fè sa yo pa dwe fè, yo antre nan relasyon kote yo vann diyite yo… tout sa pou yo ka PASE DRIP.
Temwayaj yon manman fè konnen ke Pitit li kite lekòl, li di l pa ka al san dènye tenis, san bèl rad, paske yo ka pase l anba nan klas la. Li pito kite avni li gaspiye men li pa vle parèt pi fèb ke zanmi yo.
Menm lekòl pa gen sans ankò. Timoun ale lekòl pou pase drip, pa pou aprann. Nou wè e remake sa tout kote
“Jounen koulè, se defile.”
“Si ou pa bèl, ou pa la.”
“ Rezososyal yo vin pran plas lekòl.
Elèv al lekòl san chosèt ,san sentiwon, ak rad dekòlte. Sa pou l ta mete ale nan plaj ,se nan sal klas li prezante ak li anba bouch direksyon yo ki fèmen zye sou sa.
Elèv yo pa fè konpetisyon pou bay pi bon rezilta nan klas yo , pa pou kilès ki pi fò,men yo fè konpetisyon kilè ki pi fre.
Lekòl tounen konpetisyon rad, kour frechè. Gen jèn ki pa li liv, men yo gen koleksyon tenis, mèch, ak rad ki vo pri yon ane ekolaj. Yo envesti nan « drip », men yo inyore lespri yo. E sa, pa gen anyen ki pi danjere ke sa. Yo pap achte ni liv ,ni kaye.
Yo prale lekòl ak yon ti kaye plwaye nan dèyè pòch yo. Yo pa kyè de twou ki gen nan sèvo yo koz yo pa sou aprann anyen ki gen pou wè ak konesans. Elèv lan plis satisfè de likes ,views,kòmantè sou rezo sosyal ke nòt li fè nan sal klas pou devwa oubyen nan kanè reyisit li.
Yon enstititè fè konnen Li pa wè kisa yon pwofesè vin fè nan kanpe devan elèv koulye a puiske yo tou 2 nan yon mond diferan
Yon elèv di konsa: “Si ou pa byen abiye, ou vin pè louvri bouch ou, menm si ou gen bon ide.”
Pase drip, se chèche sote etap, fè aparans san efò. Se kiltive fiyèt, pa kilti. Se chèche valè nan gade lòt, olye pou w bati valè w pa.
Si pa gen paran ki leve vwa yo, si pa gen fanmi ki mete limit, si pa gen kominote ki rale men jèn yo, si pa gen ministè Levasyon nasyonal ki pou rekadre lekòl la, si pa gen ministè Jenès ki pran responsabilité yo pou reoryante avni Jenès lan n ap kontinye pèdi jenerasyon an , e rezilta a ap pi mal ke sa kap pase nan peyi d’ayiti Jodi a.
Li enpòtan pou fè jèn yo konprann:
Demen yo depann de jan yo pran lavi yo Jodi a ou.
Pase drip pa janm ka ranplase pasyans, sakrifis, ni vizyon.
Jodi a se rad, demen se regret.
Se pa frechè ki fè moun gran, se prensip.
Fè yo konnen Pase drip, se pa senpleman neglije sa ki esansyèl. Se trayi tèt ou, se fouye fon lanmò lespwa pou mete rido abiman sou li.