Pòt pawòl SDP a, mèt André Michel, kondane jedi 24 avril 2025 la zak sivil ame yo fè nan komin Kenskòf ak nan zòn Pako Kanapevè, kote plizyè sòlda FAD’H ak manm brigad pèdi lavi yo, enfòmasyon pòt pawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre konfime.
Nan piblikasyon sa a « Avoka Pèp la » la fè sou kont ofisyèl X li, men sa li deklare:
« Akò 21 desanm kondane ak tout fòs li dènye zak Kriminèl teroris Viv Ansanm yo fè nan komin Kenskòf ak nan Pako, kote yo asasinen anpil militè, polisye ak moun nan popilasyon an.
12 mwa aprè entaslasyon KPT a, bagay yo vini 5 fwa pi mal nan Peyi a. Mwen ta renmen konnen kijan Fritz Jean, Edgard Leblan ak Lesly Voltaire santi yo jodi a paske yo te konn ap mache di nan Radyo Ariel Henry ak alye politik li yo pa t gen volonte politik pou rezoud pwoblèm Sekirite a ? «La critique est aisée mais l’art est dificile.»
12 mwa aprè enstalasyon KPT a, gen plis teritwa ki pèdi, plis pase 1 milyon 300 mil moun kite kay yo, Ayewopò Potoprens fèmen, Lopital Jeneral ak Lopital Mibalè ki t ap fonksyone sou Ariel Henry fèmen, moun pa ka kite pòtoprens pou ale nan pwovens, lajistis fèmen, otèl, diskotèk fèmen, 90% biznis Potoprens fèmen. KPT a echwe.
Nou p ap kapab sove Tranzisyon an ak KPT sa a. Pozisyon nou klè. Nou pa nan Dyalòg ak Gang. Nou pa nan Negosyasyon ak gang. » Se sa mèt Michel ekri.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE