Nan yon rapò 41 paj yo voye bay pakè Pòtoprens nan dat 27 mas 2025 pase a, envestigatè nan Biwo Afè Kriminèl ki se yon antite nan DCPJ, fè konnen Magalie Habitant ak tout Prophane Victor se de (2) manm aktif kowalisyon gang « Viv Ansanm » nan ann Ayiti, selon Métronome.

Daprè repò a, ansyen direktè jeneral SMCRS, Magalie Habitant, te responsab pou pran dispozisyon pou bay gang yo minisyon epi revann pwodwi bandi yo vòlè, alòske ansyen depite Prophane bò kote pa li te responsab pou finanse rezo gang nan depi minisyon yo fini.

Konsa, Biwo Afè Kriminèl la mande otorite Ayisyèn yo o nivo lajistis, nan kad dosye sa a, pou yo mete manda kont plizyè chèf gang ak konplis yo pami yo: Joham Geraldy, Delva Pilota, Rolin Delva, Joram Geraldy Elpinor…

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841