Nan yon dezakò piblik ki mete limyè sou jan resous Leta Ayisyen kontinye gaspiye pandan pèp la ap soufri, non Smith Augustin, konseye prezidansyèl ak manm Konsèy Prezidansyèl Transitwa a, retonbe ankò nan mitan yon eskandal. Dapré sa RNDDH pataje nan rapò li soti , Augustin ta depanse plis pase 100,000 dola ameriken nan yon vwayaj li te fè Ozetazini soti 8 pou rive 18 avril 2025, ansanm ak yon délégation 15 moun.
Rapò a mete aksan sou « train de vie luxueux » Smith Augustin te mennen pandan vwayaj la, ki enkli dine chè, depans otèl de plizyè zetwal, ak lòt depans pèsonèl ki pa t nesesè pou misyon ofisyèl. Nan yon peyi kote majorite popilasyon an pa menm gen aksè ak dlo potab, swen sante ak edikasyon debaz, aksyon sa yo montre yon inyorans total sou soufrans pèp la.
Plizyè sitwayen ak òganizasyon sivil deja eksprime endiyasyon yo fas ak nouvèl sa a. Gen moun ki mande envestigasyon imedya, pandan lòt yo eksije demisyon Smith Augustin kòm manm Konsèy Prezidansyèl la. Depans sa yo, fèt sou do taks peyab yo, ajoute sou long lis zak imoral ak gaspiyzy resous piblik ki karakterize klas dirijan peyi a.
Malgre piblikasyon sa yo, jiskaprezan pa gen okenn repons ofisyèl ni nan men Smith Augustin ni nan men Konsèy Prezidansyèl la. Silans sa a fè konprann ke kilti enpinite kontinye ap devlope nan tèt Leta, kote pèsonalite yo sèvi ak pozisyon yo pou avantaj pèsonèl, san okenn transparans ni responsabilite.
Konsèy Prezidansyèl la te sipoze mete Ayiti sou chimen rekonstriksyon ak gouvènans etik. Sepandan, ak dosye sa a, konfyans pèp la nan estrikti sa a kontinye degringole. Si pa gen sanksyon klè kont Smith Augustin pou depans sa yo ki pa jistifye, tranzisyon an riske pèdi tout kredibilite li epi mete plis baryè sou wout eleksyon ak refòm enstitisyonèl yo.