« Repiblik la bese, men li pa pliye. » Se konsa responsab yo nan Primati ak KPT a pibliye yon kominike byen ta aswè mèkredi 23 avril 2025 la sou lanmò plizyè polisye ak manm brigad ki nan kanapevè zòn Pako.

Gouvènman Repiblik la bese ak gwo emosyon devan memwa brigadye ak polisye ki tonbe jodi a nan Kanapevè ak Pako, kote yo kouri anba kout bal pandan y ap fè devwa yo, pwoteje popilasyon an nan risk lavi pa yo.

« Ak fanmi yo, ak pwòch yo, ak polisye oubyen briadye parèy yo, Nasyon an voye kondoleyans ki pi sensè li yo. Ofisye lapolis vanyan sa yo te mouri onore sèman yo: pwoteje ak sèvi. Kouraj yo mande respè epi fè nou sonje sèvitè leta yo tonbe debou » primati ekri.

Yo kontinye pou di: « Gouvènman an re-afime batay kont ensekirite a rete pi gwo priyorite li. Li pran angajman pou retabli lòd ak fè lapè triyonfe. Okenn gang, okenn vyolans p ap ka souke detèminasyon Repiblik la. Repons lan pral enplakab.

Yo fini tèks la pou deklare « Sekirite pèp la se yon misyon sakre. L ap mennen jiska lafen.

N ap fè remake, laprezidans ekri nòt sa a aprè yon afwontman ki fèt ant Viv Ansanm ak brigad Kanapevè a mèkredi 23 avril 2025 la, kote genyen plizyè moun ki mouri, epi divès lòt blese nan tou 2 kan yo. Pou piti, 4 manm brigad Kanapevè a ak 2 polisye mouri selon enfòmasyon ki disponib.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841