Nan chak kwen nan mond lan, lapolis ta sipoze reprezante sekirite, estabilite, ak lapè sosyal. Men ann Ayiti, sa ki ta dwe « pwoteje ak sèvi » tounen « peze ak kraze ». Lapolis, ki se pitit mas la, vin tounen premye zouti represyon kont mas la. Se tankou pitit pòv la vin gad pòt pou fèmen frè l andedan. Tris, men reyèl.

Majorite polisye Ayisyen yo soti nan katye defavorize, soti nan menm lavi ak moun y ap bat yo. Men, dèske sistèm nan mete yo nan pozisyon otorite, yo bliye ki kote yo sòti, e yo mete kò yo sèvi enterè moun ki toujou ap peze klas pa yo. Se sa Karl Marx te rele “ Fo konsyans” lè opprime yo defann opresyon, paske yo kwè yo fè pati sistèm ki ap kraze yo.

Jodi a, PNH se pa sèlman enstitisyon sekirite. Li se zam otorite kont sitwayen, li se makèt gouvènman kont manifestan, li se makèt elit la pou bay pèp la silans. Lè jèn leve vwa yo pou lekòl, lopital, manje ak jistis, se PNH ki resevwa lòd pou tire gaz, mete men, simen laterè. Lapolis pa tounen repons a krim, men repons kont revandikasyon.

Lapolis pa kapab simante sekirite sou baz vyolans. Sekirite se pa baton, men se jistis. Se dwa pou viv, dwa pou egziste san pè, dwa pou revandike san pè pou ou pa jwenn bal. Men, ann Ayiti, sekirite tounen privilèj moun ki gen pouvwa ak lajan, epi lapolis se gad pèsonèl yo. PNH sèvi moun ki pa janm wè mizè, kont moun ki tonbe ladan l.

Nou pa di tout polisye mechan. Nou pa vle rale tout PNH atè. Men se moman pou nou mande : ki wòl vrè lapolis ta dwe jwe nan yon sosyete ki ap chèche diyite ? Èske lapolis la ka kontinye bat frè l, li di li soti nan menm rasin ? Èske li pa lè pou lapolis reflechi sou misyon li, sou pozisyon li, sou klas li ?

Ayiti pa bezwen plis gaz lakrimojèn, li bezwen plis diyite. Ayiti pa bezwen plis patwouy kont pèp, li bezwen patwouy kont inegalite. Yon polis reyèlman nasyonal dwe reflete enterè nasyon an, epi nasyon sa a, se pa sèl senatè ak biznisman, men malere, machann, jèn san travay, elèv san lekòl.

Se pa revolisyon ak zam nou mande, men revolisyon nan konsyans. Lè lapolis konprann li pa janm gen plas nan tab gran nèg yo, men se ak pèp li ta dwe chita manje, se la Ayiti ap kòmanse gen espwa. Sinon, n ap kontinye viv nan yon peyi kote frè bat frè, sou lòd sa ki fè lajan sou do tou lè de.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841