Nan yon lèt ki date 9 Avril 2025, ki pote siyati sekretè teknik CSPJ a Jean Hervé Alcé fè konnen Me Jacklin François Jij etou Jij Denstriksyon, nan tribinal premye enstans Fòlibète a transfere nan Tribinal premye enstans kap Ayisyen an ak menm pòs la.
Prezidan CSPJ a ekri Dwayen tribinal premye enstans fòlibète a Me Louicuis BRENORD pou enfòme l ke Me Jacklin Francois transfere nan TPI kap Ayisyen an.
Me Hervé mande Dwayen TPI kap Ayisyen an pou pran tout dispozisyon nesesè pou fè Jij la prete sèman jan la lwa mande sa.