jij federal Royce Lamberth òdone administrasyon Trump lan pou restore Voice of America ( VOA) ak plizyè lòt sèvis enfòmasyon afilye madi 22 avril 2025 lan nan kad yon memorandòm opinyon.

Jij la fè konnen, jefò administrasyon Donald Trump lan fè pou demantle enstitisyon sa yo ki jwenn finansman Leta federal, vyole lalwa.

Parapò ak plent jounalis yo te pote devan Lajistis, Lakou a pase lòd, annatandan yon nouvèl òdonans, pou gen tout mezi nesesè ki pran pou retounen nan plas yo, tout anplwaye ki anba « U.S. Agency for Global Media », ki se antite ki jere Lavwadlamerik ak lòt ajans yo.

Nap raple, administrasyon Trump lan atravè Depatman Efikasite Gouvènmantal (DOGE), ki gen nan tèt li milyadè Elon Musk, te deside demantle tout ajans medyatik sa yo, nan objektif, daprè sa yo di, pou diminye depans leta a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841