Ofisyèlman, administrasyon Trump lan anonse yo mete « òganizasyon kriminèl viv ansanm yo ak gang Gran Grif Savyen » sou lis Teroris mondyal. Se Office Ofreign Assets Control (OFAC) ki pibliye sa vandredi 2 me 2025 la.

Daprè depatman Deta ameriken, deziyasyon gang Ayiti yo kòm teroris pral kapab fasilite entèvansyon fòs lòd amerikèn yo ann Ayiti, pandan enstitisyon an menase tout moun osnon antite k ap sipòte gang Ayisyen yo, kote moun sa yo riske pousuit penal, entèdiksyon pou antre Etazini osnon ekspilse yo.

Depite Demokrat Sheila Cherfilus ak Mccormick Gregory ekri Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, pou eksprime preokipasyon yo fas ak entansyon depatman deta gen pou deziyen gang Ayiti yo kòm òganizasyon teroris etranje san pa gen estrateji global pou soutni kapasite otorite Ayisyèn nan kontrekare gang yo.

Palmantè ameriken yo mande depatman deta elabore yon estrateji reyèl k ap reponn ak bezwen ijan pèp Ayisyen an, nan soutyen ak estabilize sitiyasyon sekiritè ak politik yo k ap soutni yon pi gran opòtinite ekonomik.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841