Lachin ak Larisi kwense Etazini sou pwoblèm Ayiti a parapò ak deplasman jewopolitik ak komèsyal yo

Selon jounal « EFE Noticias, administrasyon Trump lan genyen yon plan rejyonal ak Òganizasyon Eta Ameriken OEA, pou eradike ensekirite a ann Ayiti. Selon jounal la, Prezidan Trump deja diskite propozisyon sa a ak pwochen CG OEA a Albert Ramdin. Plan sa ap genyen tou yon volè diplomatik pou yon tranzisyon plis demokratik.

Selon divès sous ki disponib, desizyon sa a cadministrasyon Trump lan pran pou tounen bò kote OEA pou tante rezoud pwoblèm ensekirite Ayiti a, epi favorize yon tranzisyon ki pi asire, vini aprè Lachin ak Larisi fin kwense Etazini nan konsèy sekirite Nasyonzini an sou dosye Ayiti a.

Anba enfliyans Ris ak Chinwa yo nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an, Etazini ap vire kounye a nan OEA pou eseye rezoud pwoblèm ensekirite Ayiti a, epi an menm tan ankouraje yon tranzisyon ki pi an sekirite ann Ayiti.

Nan sans sa a, Depatman Deta ameriken deja gen yon plan pou atake gang yo. Plan sa a chita sou de poto: represyon ansasen òganizasyon kriminèl yo ak travay diplomatik pou gide e asire siksè tranzisyon demokratik la.

Enfòmasyon ki disponib yo fè konnen Depatman Deta deja soulve pwoblèm nan ak pwochen Sekretè Jeneral OEA a. Sa ta vle di Ayiti ap dirije nan yon nouvo tranzisyon, nouvo fòmil pou yon lòt gouvènans ki rete enkoni.

Anplis de tout sa, anba presyon divès patnè entènasyonal, bayè de fon yo, Leta Ayisyen genyen yon plan pou mete sekirite nan peyi a apati septanm 2025 selon yon sous jounal Centre à la UNE fè konfyans. Selon menm sous la, genyen pwobabilite pou Leta fè yon konpayi entènasyonal vin kraze gang yo pou anviwon 11 milyon dola. Pliske 7 milyon ki reprezante 70% montan fon an ta deja dekese depi 21 avril 2025.

Divès evènman majè kapab montre mache prese Etazini nan kad dosye ensekirite Ayiti a:

  1. Chèf diplomasi Ris la, Sergueï Lavrov, inogire madi 29 avril 2025 la premye anbasad peyi Larisi nan Repiblik Dominikèn nan kad relasyon bilateral 2 peyi yo.
  2. Pi lwen, Prezidan entèlijans kongrè Ameriken an, Rick Crawford, deklare nan kòmansman mwa me 2025 pase a « Peyi Lachin kapab rive depase peyi Etazini nan sa ki lye ak enfliyans nan rejyon Karayib la, si Washington pa ogmante rapid vit komès ak envestisman li nan rejyon an. »

N ap fè remake, Ayiti deja genyen yon misyon miltinasyonal peyi Kenya ap dirije Ayiti depi 24 jen 2024, ki gen objektif etabli sekirite nan tout peyi a, men ki, poutan, toujou ap make pa sou plas aprè 7 mwa selon tout konsta yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...